Accessibility links

Breaking News

Etazine Fikse Atansyon L Sou Fos Gad Revolisyone Islamik Iran An (FOS QODS la)


Men yon editoryal ki pral prezane opinyon gouvenman ameriken an.

Dapre Oganizasyon Nasyon Zini, kriz imanite ki poze nan Yemen nan se pi move kriz konsa ki poze nan lemond. Yemen te deja yon peyi pov le konfli a te vin konplike nan lane 2015; men batay k ap kontinye ant Outsi yo, ki resevwa asistans ak konkou Iran, ak fos k ap defann gouvenman ki benefisye rekonesans entenasyonal la, kote devastasyon toupatou nan peyi a.

Nan yon deklarasyon Sekrete Deta Mike Pompeo te fe sa pa gen lontan, li di: "Sipo Iran ap bay Outi yo ap anvlimen konfli a nan Yemen e sa agrave enstabilite a nan peyi a." Se Fos Gad Revolisyone Islamik Iran an (Fos QODS la) ki nan tet sipo sa a; QODS la se prensipal zouti rejim iranyen an pou egzekisyon politik li genyen pou l apiye gwoup teworis ak gwoup rebel.

Nan dat 8 desanm pase a, Lezetazini te deziye Hasan Irlu, yon ofisye nan IRGC-QF la, ke Iran te depeche nan Sana, kom anvwaye espesyal rejim nan bo kote rebel Outi yo. Tankou Depatman Trezo ameriken an di sa nan yon deklarasyon; 'Iran se sel peyi ki rekonet Outi yo ofisyelman e ki nonmen yon swa-dizan reprezantan fomel bo kote yo. Pandan de zane Irlu te sipote efo IRGC-QF t ap fe pou l mete zam sofistike ak antrenman Outi yo. Irlu te mentni yon relasyon avek ansyen komandan IRGC-QF la, Qasem Soleimani. Se konsa tou li te ofri antrenman pou manm Hezbollah ki nan Iran yo,"

Sekrete Deta Pompeo deklare "pa le fet ke IRGC-QF voye Irlu nan Yemen, li montre li gen entansyon ranfose apui li pou Outi yo e pou l konplike plis toujou efo entenasyonal k ap fet pou jwenn yon ako negosye. Dapre M. Pompeo, "Lezetazini kontinye apiye efo ki sou pye pou fasilite yon kouvrefe ak yon antant politik."

Nan dat 8 desanm nan tou, Lezetazini te klase Inivesite Entenasyonal Al-Mustafa, ki baze nan Iran, poutet li fasilite efo IRGC-QF ap deplwaye pou l rekrite moun pou dives branch entenasyonal li yo. Sitwayen pakistane Yousef Ali Mufaj, ki gen lontan depi li mele nan efo IRGC-QF ap fe pou l planifye epi egzekite operasyon li yo nan Mwayen Oryan an ak Ozetazini, tonbe anba sanksyon li menm tou.

Sekrete Deta Pompeo di: "IRGC-QF pwofite de chak okazyon li jwenn pou l reyalize plan li genyen sou ajanda vyolan e destriktif li a -pami mwayen li itilize pou sa gen eksplwatasyon konfli ki pete nan Mwayen Oryan an ak itilizasyon kraponnay pou fose moun ki vilnerab goumen nan non rejim iranyen an. Lezetazini pral kontinye itilize tout zouti ki disponib pou l ekspoze konpotman mechan sa a e pou l kontrekare li."

Sete yon editoryal ki t ap prezane opinyon gouvenman ameriken an.

XS
SM
MD
LG