Accessibility links

Breaking News

Jou Prezidan Yo An 2021


Men yon editoryal k ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

​Ameriken yo chwazi 3èm lendi mwa fevriye a pou yo onore lidè yo te genyen nan le pase; se pou sa yo selebre Jou Prezidan yo. O kòmansman, objektif komemorasyon sa a, ki onore tout prezidan yo jounen jodi a, sete pou selebre George Washington, premye prezidan Lèzetazini an.

Kòm pòsonalite ki te dirije Lagè Revolisyonè Amerikèn nan e an tan ke premye Chèf Gouvènman, George Washington te gen yon popilarite ekstwòdinè. Sete Papa Lèzetazini –e jiskaprezan souvan se konsa yo konsidere li. Se an pati paske li se lidè militè ke yo rekonèt kòm responsab viktwa koloni amerikèn yo sou lame ki te pi puisan nan epòk la. Sepandan, li te kontinye travay la pou l te fòje Prezidans la, kote li te tabli plizyè presedan pou sila yo ki ta pral okipe pòs la aprè l.

Washington te kwè nan nesesite yon ekilib ant bezwen pou prezidans la te gen pouvwa ase pou l te kapab dirije gouvènman nasyonal la ak efikasite, men pou l pa t puisan nan yon pwen kote l ta vle egzèse otorite yon monachi. Puiske Washington te pè pou pèp la pa t fin pa konprann prezidan an te dwe okipe fonksyon an a-vi si l te mouri sou pouvwa a, li te bay demisyon l apre 2 manda.

Avèk yon sèl eksepsyon –Prezidan Franklin Delano Roosvelt ki te fè 4 manda- tout prezidan te suiv egzanp Washington nan: yo pa t fè plis ke 2 manda. An 1951, Kongrè ameriken an te ratifye 22èm Amandman Konstitisyon an, ki limite a 2 manda maksimòm tan prezidan an ka pase sou pouvwa a.

Prezidan Washington te egzèse yon enfliyans ekstwòdinè sou fason prezidans la te dwe evolye nan lavni. Li te tabli prensip nan tout domèn –pami yo gen prensip konsènan pouvwa politik, pratik militè avèk politik ekonomik.

Alòs, se pa yon sipriz si, apatide 1800, ane aprè Washington te mouri a, yo te selebre anivèsè nesans li, dat 22 fevriye a, atravè tout tèritwa nouvo peyi ke li te ede fonde a. Selebrasyon anivèsè nesans Washington nan te tounen ofisyèlman yon fèt nasyonal an 1885.

Finalman, ameriken yo te kòmanse onore yon lòt gran lidè, Abraham Lincoln, ki te pran nesans nan dat 12 fevriye, tou prè dat nesans Washington nan. E a la fen 3èm lendi mwa fevriye a vin tounen yon fèt nasyonal ki onore tout prezidan yo.

Selebrasyon Jou Prezidan yo rann omaj pou lidè sa yo ki te gen kouraj ak fèm volonte pou yo te anbake anba travay tèlman difisil sa a epi dirije Lèzetazini nan bon kou nan move tan.

Yon fwa, George Washington te voye bay yon zanmi yon lèt kote l te ekri: “Tout moun ka wè, e pi fò moun ka admire, reyonnman bèbèl k ap briye alantou yon pòs politik enpòtan. Pou mwen sa pa konte; sa ki konte se limyè ki ka sòti nan koneksyon pouvwa yon dirijan genyen pou li travay pou bonè limanite.”

Sete yon editoryal ki t ap prezante ideyal ak enstitisyon ameriken yo.

XS
SM
MD
LG