Accessibility links

Breaking News

Nouvo Asistans Pou Kriz Imanitè Rohingya


Men yon editoryal ki prezante opinyon Gouvènman Etazini an:

Etazini pwal founi preske 155 milyon dola kòm nouvo asistans imanitè pou reponn bezwen ijan refijye Rohingya yo ak kominote ki resevwa yo nan Bangladesh, ansanm ak tout moun ki nan pwoblèm akoz vyolans k ap kontinye nan eta Rakhine, Kachin, Shan, ak Chin nan peyi Bimani/Myanmar.

Gen preske 900-mil refijye nan Bangladesh ki te kouri pou vyolans terib nan eta Rakhine nan Bimani pandan plizyè lane ki pase yo. Sa afekte 472-mil moun Bangladesh nan kominote ki resevwa refijye sa yo. E vyolans nan Bimani ogmante depi kou deta militè ki te jete palafòs gouvènman ki te pase nan eleksyon demokratik nan mwa Fevriye 2021 an.

Etazini se prensipal peyi ki kontribye nan asistans imanitè kòm repons pou kriz la. Lè li t ap anonse yon diplis nan èd la, Sekretè Deta Anthony Blinken te deklare nan yon kominike ke ak nouvo finansman sa a, "Total èd imanitè nou pou moun ke kriz Bimani an afekte nan Bangladesh, ak lòt kote nan rejyon an depi vyolans brital lame Bimani an nan mwa Daout 2017, li rive depase 1 milya 300 milyon dola pou pwogram andan Bangladesh." Li fè remake ke li apresye kontribisyon lòt eta manm l-ONU nan repons imanitè a e li ekzòte lòt manm nan kominote entènasyonal la pou yo ogmante asistans pa yo.

Sekretè Deta Blinken fè wè sa li koute peyi ki pran responsablite a, espesyalman Bangladesh lè yo reponn kri refijye Rohingya yo, e li pwomèt pou l sipòte peyi nan rejyon an ki ba yo pwoteksyon ak tout kè yo. Msye Blinken kontinye pou l di, "Apre kou deta militè Premye Fevriye a ak koukou-wouj brital lame a nan Bimani, nou rete angaje nan efò pou abòde kriz Rohingya a, kote nou rekonèt ke lidè kou deta yo se menm moun sa yo ki responsab abi dwa moun ki te fèt anvan, pami yo atwosite kont Rohingya. Nou kontinye travay ak patnè entènasyonal pou sipòte efò pou jwenn jistis e fè moun ki responsab kou deta a ak abi dwa moun yo, pote responsablite a."

Etazini, se Msye Blinken k ap pale toujou, ap kontinye plede pou dwa Rohingya yo e li ekzòte lide pou fè yo patisipe nan diskisyon ki pwal fèt sou avni yo.

Sekretè Deta Blinken lanse apèl tou pou mande Bangladesh pou l ogmante efò pou pwoteje refijye yo e pa kite kondisyon jan y ap viv la "fòse yo retounen nan yon peyi kote yo pwal jwenn pèsekisyon ak vyolans."

Sekretè Deta Blinken ajoute, "Etazini pran angajman pou l travay pou lapè, sekirite ak respè pou dwa ak diyite tout moun nan Bimani, pami yo Rohingya yo."

Sete yon editoryal ki prezante opinyon Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG