Accessibility links

Breaking News

Ankouraje Responsabilite pou Otorite Kiben yo


Havana, Cuba
Havana, Cuba

Yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an:

Depatman d'Eta pran mezi pou enpoze restriksyon viza kont 8 responsab Kiben ki te patisipe nan tantative pou anpeche pèp Kiben an jwi dwa fondamantal yo atravè kraponaj, anprizonman enjis ak santans sevè.

Plizye santen manifestay toupatou nan Kiba rete femen nan prizon apre manifestasyon 11 Jiyè yo, e gen kèk ki gen pwoblèm sante, ki pa gen aksè ak manje, medikaman, apèl telefon ni vizit fanmi yo ak avoka yo.

Depatman d'Eta a enpoze mezi sa yo anba Pwoklamasyon Prezidansyèl 5377 la, ki sispan pemisyon pou antre Ozetazini pou ofisye ak anplwaye gouvènman Kiben an ak Pati Kominis la. 8 responsab gouvènman Kiben mezi sa a vize konekte ak detasyon, kondanasyon ak anprizonman manifestan pezib 11 Jiyè yo.

Pou sa yo ki te patisipe nan manifestasyon 11 Jiyè yo, gouvènman Kiben an enpoze pinisyon sevè, lap chache santans 30 an prizon pou moun sa yo. Otorite yo arete Luis Manuel Otero Alcantara, Maykel Osorbo ak Jose Daniel Ferrer plizye fwa. Yo tout fèmen nan prizon kounyea paske yo te tou senpleman vokalize dezi pèp Kiben an genyen pou libète.

Nan mitan mwad Novanm nan, rejim Kiben an te voye fos sekirite ak yon foul patizan gouvenman an al agrese epi kraponnen Yunior Garcia, yon kreyate pyès teyat ki te pran pa nan negosyasyon 2020 ak Ministe Kilti a epi oganize apèl pou yon lot manifestasyon pasifik. Misye kite Kiba pou al rejwenn fanmi ni ann Espay.

Se tout tan Kiben yo ap mande gouvènman yo koute apèl yo pou respè pou dwa moun, libète ekspresyon ak pou rasanble, epi demokrasi. "Chak fwa sa fet, rejim nan gaspiye opotinite ki te prezante pou louvri yon diyalog, olye de sa li redouble jefo li pou apiye yon ideyoloji ki finn fè fayit ak yon sistèm ekonomik ki echwe e ki paka bay Kiben yo premye pwodui nesesite yo bezwen yo," Sekretè d'Eta Antony Blinken deklare nan yon kominike li te pibliye pi bonè nan ane a.

Nouvo restriksyon viza yo ranfose angajman Etazini pran pou'l apiye pèp Kiben an epi pwomouvwa ide pou egzije responsab Kiben yo pran responsabilite pou atak yo sou demokrasi ak dwa moun. Zak sa anplifye enpak sanksyon Depatman Trezo Etazini mete an plas apre 11 Jiyè ak anons Depatman an te fè 30 Novanm pase a sou restriksyon viza kont 9 responsab Kiben.

Etazini kontinye sèvi ak tout mwayen diplomatik apwopriye epi zouti ekonomik pou ankouraje liberasyon prizonye politik yo ak pou apiye apèl pèp Kiben an lanse pou plis libète ak responsabilite.

Sete yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG