Accessibility links

Breaking News

Lòt Konsekans Negativ yon Pwovokasyon Ris nan Ikrèn


Yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an:

Youn nan kestyon ki vinn aparan pa rapò ak agresyon La Risi kont Ikrèn nan, se kestyon pwovizyon enèji.

La Risi founi Ikrèn ansanm ak rejyon Santral, Sid ak Oksidantal Ewòp la gaz natirèl atravè plizyè tiyo. Anpil nan tiyo sa yo travèse Ikrèn. Nan moman kote Ris yo ap gonfle yon pakèt twoup ozalantou frontyè Ikrèn (ak Krime epi Donbas la ke La Risi okipe) ap kontinye, La Risi sispann livre gaz la - yon mezi pwovokasyon ki te kòmanse depi sezon ete ane pase a.

Lèzetazini ak Konsèy Eneji Inyon Ewopeyen an te deklare pandan rankont li 7 Fevriye a ke "li inakseptab pou sèvi ak pwovizyon enèji kòm zam oubyen zouti enfliyans jeyopolitik." Kidonk, Etazini ak Inyon Ewopeyen an te antann yo ankò pou yo travay ansanm pou fè fas ak nempòt ki menas ki taka prezante pou pwovizyon enèji a nan Inyon Ewopeyen an oubyen nan vwazinaj la.

Vreman vre, La Risi gen abitid sevi ak yon sispansyon livrezon gaz deja. "Le La Risi te sispann livrezon gaz ann Ewòp akoz yon kont ak Ikrèn an 2009, pèp la te mouri fredi," Sekretè d'Eta Antony Blinken raple.

"Lè pwovizyon enèji a febli, ekonomi a echwe. Nou pran angajman pou anpeche sa rive e pou'n kontre move konsekans ki taka genyen sou enèji ak pri yo si La Risi ta chwazi pou'l koupe pwovizyon gaz la pou Ewòp," Blinken deklare.

"Nap pran mezi pou asire pwovizyon global eneji a pa kanpe - se yon lòt bagay enpòtan ke nap mize sou li - sizoka La Risi ta chwazi fè gaz natirèl la tounen yon zam - epi koupe pwovizyon ki a la dispozisyon Ewòp la pi plis pase sa li deja fè a," Sekretè Blinken ajoute.

"Nou nap pale ak gouvenman epi founisè enèji toupatou nan mond la pou wè si yo taka ogmante pwodiksyon yo. Nap patisipe nan diskisyon detaye ak alye nou yo pou kowòdone repons nou. Ladann gen pi bon fason pou yo deplwaye pwovizyon enèji ki egziste yo. Tout jefò sa yo gen kòm objektif pou kontrekare gwo ogmantasyon nan pri enèji a epi asire ke moun Ozetazini, ann Ewòp ak toupatou nan mond lan gen enèji yo bezwen kèlkeswa sa La Risi deside fè."

Etazini ak Inyon Ewòp la apiye yon Ikren ki pwisan ak reziyan, e nou tou le 2 konnen sekirite pwovizyon enèji a esansyèl pou yon Ikren ki granmoun tèt li.

"Sekirite enèji a lye dirèkteman ak sekirite nasyonal, sekirite rejyonal, sekirite global. Ewòp bezwen enèji li ka konte sou li e ki pa koute chè, sitou pandan sezon ivè a," Sekretè Blinken deklare. "Nap travay ansanm pou pwoteje pwovizyon enèji Ewòp la kont chòk e ladann gen dega ki ta rezilta yon lòt agresyon Ris kont Ikrèn."

Sete yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG