Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Ak Alye L Yo Mete Sanksyon Sou Larisi Poutèt Atak Sou Ikrèn Nan


Nou pral koute yon editorial k ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Nan matine jounen 24 fevriye a, Larisi pwovoke yon atak masif e mòtèl kont yon ti vwazen li, Ikrèn. Prezidan Joe Biden di:
“Lame ris la kòmanse yon atak brital sou pèp Ikrèn nan san pwovokaasyon, san jistifikasyon, san nesesite. Sa se yon atak premedite.”


“Se (Prezidan ris la, Vladimir) Putin ki agresè a. Se Putin ki chwazi fè lagè a. E kounye a se li-menm ak peyi l la ki pral responsab konsekans yo. Jodi a, mwen bay otorizasyon m pou n pran plis sanksyon djanm e mete plis limitasyon sou sa moun ka ekspòte nan direksyon Larisi. Desizyon sa a pral antrene kèk konsekans grav sou ekonomi ris la, ni imedyatman ni avèk le tan. Nou vle pou sanksyon sa yo vize yon enpak maksimòm a lon tèm sou Larisi, epi pou yo minimize konsekans yo pou Lèzetazini ak alye li yo.”

Lèzetazini ak alye e patnè li yo, ki anpil, enpoze sanksyon ki mete yon blokis total sou tou lè 10 enstitisyon finansye Larisi yo ki, mete ansanm, reprezante prèske 80% tout richès ki genyen nan sektè bankè ris la.

“Nou pral limite kapasite Larisi pou l fè biznis an dola, ewo, liv, epi yen, pou l pa kontinye fè pati ekonomi mondyal la. Nou pral limite kapasite yo pou yo fè sa. Nou pral wete kapasite yo pou yo finanse e ranfòse lame ris la.

“Nou pral bloke kapasite yo pou yo fè konkirans nan ekonomi wot teknoloji 21èm syèk la. Kèk nan konsekans ki pi grav aksyon nou pran yo, pral vini pi ta, avèk le tan, pandan n ap sere boulon an pou n redui posiblite Larisi pou l benefisye de finans ak teknoloji pou sektè estratejik ekonomi li a, e n ap degrade kapasite endistriyèl li pandan plizyè ane nan lavni. Nou estime ke aksyon nou yo mete sou pa alye ak patnè nou yo pral elimine plis pase mwatye enpòtasyon wot teknoloji Larisi. “ (END ACT).

Prezidan Biden di tou:
“Sa pral pote yon gwo kou nan kapasite yo pou yo kontinye modènize lame yo a. Sa pral degrade defans yo a ak endistri ayewospasyal e maritim yo. E se pral yon gwo kou tou pou anbisyon estratejik a lon tèm Putin.“

Prezidan Biden ajoute:
“Chwa Putin fè pou l pwovoke yon lagè totalman enjistifyab kont Ikrèn, pral rann Larisi pi fèb tandiske l ap rann rès mond la pi fò. Libète, demokrasi, diyite imen se fòs ki pi puisan lontan pase lapèrèz ak diktati. Tiran tankou Putin ak lame l yo, pa kapab elimine yo. Okenn vyolans ni entimidasyon, kèlkeswa gravite yo, pa ka efase yo nan kè ak esperans yon pèp. Se bagay ki dire.”


Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG