Accessibility links

Breaking News

" Kijan pou Sove Lanmè nou"


Yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

Nan yon jefo pou pwoteje lanmè a, klima a ak planèt tè a an 2014, Lèzetazini te kreye Konferans Oseyan Nou an. Nan mitan mwad Avril la Etazini ak Palau te oganize ansanm 7èm konferans la ki rele Oseyan nou, Pèp Nou, Pwosperite Nou.

"Konferans sa a depi nan komansman te rekonèt lyen ant oseyan an ak chanjman klimatik... Ou paka rezoud pwoblèm lanmè a san ou pa rezoud pwoblèm chanjman klimatik la," Anvwaye Espesyal Prezidansyèl pou Chanjman Klimatik, John Kerry deklare.

"Poukisa? Se paske kriz chanjman klimatik la lakoz rechofman ak polisyon kap touye lanmè a. Pandansetan, ou paka rezoud pwoblèm chanjman klimatik la san yon lanmè ki an bonn sante, ki gen solisyon natirèl ki ka vale tout chalè sa epi transfome l, paske lanmè a reprezante yon bon jan fason pou regle tanperati a. Se sa ki jere tan an chak jou."

Wi nap fè pwogrè. Se yon bagay ki fè nou louvri je nou, se yon pwosesis kote nou komanse rekonèt divès bagay, men tou gen anpil lot travay ki rete pou fèt, Sekretè Kerry deklare.

Youn nan pwoblèm ki poze yo se "volonte pèp la pou pretann epi evite pran responsabilite."

"Moun ki franchi pa sa a, franchman yap sede a stati ko a, yo pran chimen mwen resitans la ki se an menm tan pa pi gwo destriksyon an."

"Vreman vre, nou gen tan, dapre savan yo, pou'n evite pi move konsekans kriz klimatik la," Sekretè Kerry fè konnen.

Premyèman, "si endistri bato a te yon peyi, li tap 8èm pi gwo emetè gaz efè de sè nan mond lan," Kidonk fok nou adopte kom objektif diminye a zewo polisyon endistri entènasyonal bato a ap pwodwi pa pi ta ke ane 2050.

Dezyèman, fok nou ogmante yon fason dramatik enèji renouvlab sou tè ak maritim nou.

Twazyèman, fok nou jwen silisyon natirèl ki soti nan lanmè.

Katriyèman, fok nou takle lapèch ilegal, kap fèt san kontwol. Fok nou fè plis pou pwoteje lanmè a kont kriminèl ki vle epwize'l nèt al kole.

E finalman fok nou negosye yon nouvo ako sou polisyon plastik.

"Noumenm kretyen vivan, nou responsab pou kriz lanmè a ak klima a. Nou konnen kisa solisyon an ye," Sekretè Kerry deklare. "Nou paka kite moun pran tèt nou e menm ba nou manti lè yap chache pran chimen mwen resitans la. Fok nou goumen kont endiferans. Mwen konnen nou ka genyen batay sa a."

Sete yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG