Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Kiba Rekomanse Negosyasyon sou Migrasyon


Nou pral koute yon editoryal k ap ban nou opinyon Gouvènman Ameriken an.

Pou la premyè fwa nan 4 tran, Lèzetazini ak Kiba fè nan Washington chita-tande ki santre sou migrasyon ak aplikasyon.

Akò Amerikano-Kiben sou Migrasyon yo. Rankont sa yo te konn fèt 2 fwa pa ane, apre 2 peyi yo te siyen premye nan yon seri de akò bilateral an 1984. Negosyasyon yo te kanpe apre operasyon ameriken sou imigrasyon nan anbasad Etazini an nan La Avàn te diskontinye apre kèk anplwaye te santi pwoblèm sante ki pa t nòmal.

Le 21 avril pase a, Vis Asistan Sekretè Deta pou Afè Emisfè Oksidantal la, Emily Mendrala, te dirije delagasyon entè-ajans ameriken an, epi Vis Minis Afè Etranjè Kiben an, Carlos Fernandez de Cossio, te dirije delegasyon Kiba a. Nan yon deklarasyon ekri Depatman Deta a pibliye, li di:

“Delegasyon Etazini an ensiste sou domèn kote kowoperasyon an gen siksè pandan ke, an menm tan, li idantifye kesyon ki poze obstak pou reyalizasyon objektif akò yo.”

Gen yon ogmantasyon trè enpòtan nan kantite Kiban k ap chache antre Ozetazini nan mwa ki fèk pase yo ni pa vwa maritim ni pa vwa terès. Kiben yo kite peyi yo pou plizyè rezon diferan; men nou byen konnen ke koz prensipal migrasyon iregilye a gen ladan yo mank respè pou dwamoun ak libète fondamantal yo, sekirite sitwayen yo, avèk mank opòtinite ekonomik.

Pòtpawòl Depatman Deta a, Ned Price, fè konnen le fèt ke negosyasyon sou migrasyon rekòmanse ant Lèzetazini ak Kiba, sa ofri “yon opòtinite pou diskisyon enpòtan fèt sou respè tou 2 peyi yo pou akò sou migrasyon yo ak angajman Lezetazini ak Kiba vizavi yon migrasyon san danje,legal e nan lòd.”

Pami tèm diskisyon yo, te genyen aplikasyon lwa ameriken yo, migrasyon pa vwa terès ak maritim, tandans migrasyon yo, rapatriman sitwayen yo, epi fonksyon anbasad.

Depatman Deta fè konnen diskisyon ki te fèt sou sèvis konsilè nan Anbasad Amerikèn nan nan La Avàn, te gen ladan yo “Repriz sèvis viza pou imigran sou yon baz limite apati de mwa me a, sèvis aktyèl pou sitwayen ameriken, epi livrezon aktyèl viza non-imigan dijans.”

Depatman Deta a deklare: “Fasilitasyon migrasyon san danje, legal e nan lòd ant Kiba ak Lèzetazini reprezante yon enterè komen ant Lèzetazini ak Kiba… e sa koresponn avèk enterè Lèzetazini plase nan efò pou ankouraje reyinyon fanmi epi fè pwomosyon pou yon pi gwo respè pou dwamoun ak libète fondamantal yo nan Kiba.”

Sete yon editoryal ki t ap ban nou opinyon Gouvènman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG