Accessibility links

Breaking News

Etazini Anonse Asistans Siplemantè pou Refije Venezyelyen yo


Yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

Tandans rejim Nicolas Maduro genyen pou'l komèt zak represyon politik, abize dwa moun epi enpoze restriksyon sevè kont aktè politik ak sosyete sivil yo ansanm ak libète ekspresyon anpeche pèp Venezuela chwazi dirijan yo yon fason demokratik.

Pandansetan, move jerans ekonomik ak kowipsyon lakoz sityasyon imanitè peyi a grav e sa lakoz dè milyon Venezyelyen kouri kite peyi a.

Dapre Wo Komisè Nasyonzini pou Refije yo, UNHCR, gen dè milye refije Venezyelyen ki kontinye travèse antre Chili chak mwa.

Pi fo Venezyelyen yo chwazi chimen iregilye, yo brave dezè Atacama a kote pami danje ki prezante yo genyen tanperati ak klima, eksplwatasyon seksyèl ak abi gwoup kriminèl yo, dapre LONU. Anpil nan refije sa yo rive grangou, malad, yap soufri ak malnitrisyon, dezidratasyon, ipotèrmi epi maladi altitid ki wo anpil.

Chili gen lakay li aktyèlman plis pase 448,000 refije ak migran ki soti Venezyela, san kone sa yo ki antre nan peyi a apre yo travèse frontyè a ilegalman, UNHCR fè konnen.

An 2022, UNHCR pral bezwen yon total $20.3 millyon pou asire gen asistans imanitè adekwa pou apiye kominote Venezyelyèn yo pou pèmèt yo jere tèt yo toupatou nan Chili.

Pou reponn bezwen sa a , Sou-Sekretè pou Sekirite Sivil, Demokrasi ak Dwa Moun, Uzra Zeya anonse plis pase $6 milyon asistans imanitè siplemantè pou refuje Venezyelyen yo ak migran yo kap viv o Chili. Sa fè yon total prèske $26 milyon Etazini dispoze kom asistans imanitè pou Venezyelyen nan Chili yo depi kriz la te komanse.

Asistans sa a pral pèmèt patnè imanitè yo reponn bezwen Venezyelyen ki vilnerab yo nan Chili epi dispoze asistans legal,swen medikal, abri ki si, kit ijenik ak pwodwi premye nesesiste.

"Nou kontinye gen kè sote pou kriz imanitè a nan Venezyela," pot pawol Depatman D'Eta a, Ned Price deklare. "Aksè imedya, konplè, si, san baryè pou oganizasyon imanitè to ak travayè yo esansyèl pou reponn bezwen moun ki kouri kite Venezyela, san pèdi tan."

Etazini afime angajman li pran pou'l ede refije Venezyelyen yo, migran yo ak kominote ki akeyi yo nan Chili ak toupatou nan rejyon an. Etazini remèsye Chili tou pou kolaborasyon li nan moman tou le 2 peyi yo ap travay ansanm ak peyi nan rejyon an pou rezoud defi migrasyon sa a kap kontinye.

Etazini kontinye travay ak defansè demokrasi ak dwa moun yo nan Venezyela, Gouvèman Enterim Juan Guaido a, ak kominote entènasyonal la pou ede retabli demokrasi nan Venezyela.

Sete yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG