Accessibility links

Breaking News

Demokrasi Se Pi Bon Mwayen pou Emisfè Oksidantal la Avanse


Yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

Majorite moun nan Emisfè Oksidantal la kwè demokrasi rete pi bon tip gouvènman, Sekretè d'Eta Antony Blinken te remake nan yon diskou li te pwononse nan Konferans sou Amerik yo.

"Sepandan... nou paka pran demokrasi ki egziste nan rejyon an a la lejè," Sekretè Blinken deklare. "Se pa yon bagay ki inevitab. Li depann fondamantalman sou kwayans pèp la dèske yo ka amelyore lavi yo si yo patisipe nan gouvènman an."

Yon prensip kle ki ankouraje moun kwè nan demokrasi se evite baryè politik goch ak dwat, liberal ak konsèvatè epi konsantre pito sou sa ki inifye nou antanke peyi demokratik, Sekretè Blinken fè remake:

"Sa vle di rekonèt enterè nou pataje pou ranfose pilye sosyete lib ak onèt nou yo tankou respè pou eta de dwa, respè pou dwa moun, eleksyon lib ak onèt, yon près ki vibre e ki endepandan."

Nan domèn ekonomik la, mache lib ak ouvè dwe kreye plis opotinite pou tout kouch sosyete a epi amelyore kondisyon lavi travayè yo toupatou nan emisfè a. Pami fason nou ka fè sa genyen elimine baryè ki anpeche ti biznis yo patisipe nan ekonomi ofisyèl la; konbat koripsyon ki volè resous ak enèji inovatè yo ak kominote yo; epi etann aksè ak teknoloji ak emèje yo.

Emisfè Oksidantal la bezwen ogmante reziyans rejyonal yo pou emisfè a ka mwen vilnerab fas ak enteripsyon nan livrezon machandiz yo - sa se youn nan lezon pi difisil pandemi a aprann nou.

An fan, "menm lè nap konsantre sou kijan nou ka kore demokrasi yo pa anndan, " Sekretè Blinken lanse avètisman pou di, "nou bezwen yon apwoch komen pou kontre otokrasi nan rejyon an."

"Ladann gen kontinye apiye endividi ak gwoup nan peyi sosyete fèmen yo kap mennen batay vanyan pou avanse dwa moun ak demokrasi jan n'ap fè'l depi dè dizèn lane. Nou gen yon responsabilite pou pale fo e pale ansanm lè nou konstate yon gouvènman kap chache febli demokrasi lakay li, mete baboukèt nan bouch laprès, menase opozan politik li yo, minnen endepandans tribinal yo."

"Mwen gen konfyans ke si nou ranfose sa ki ini nou antanke demokrasi olye sa ki divize nou... n ap non sèlman ranfose demokrasi endividyèl yo; men tou nap reyisi pi plis sa ki reprezante premye responsabilite nou, epi bay bon randman fas ak bezwen ak espwa fondamantal tout moun nan emisfè sa a."

Sete yon editoryal ki reflete opinyon gouvènm

XS
SM
MD
LG