Accessibility links

Breaking News

Blinken sou Politik Yon Sèl Chin na


Yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

Lèzetazini rete fokalize sou defi a lon tèm pi grav ki poze pou lod entènasyonal la: Repiblik Popilè Chinwa a, Sekretè d'Eta Antony Blinken fè konnen.

Anba lidèship Prezidan Xi, Pati Kominis Chinwa a ki kontwole pouvwa a komèt plis zak represyon lakay li e li vinn pi agresiv lot bo dlo.

Lèzetazini paka konte sou La Chinn pou'l chanje trajektwa li, pito, administrasyon Biden nan devlope yon strateji ke nou ka rezime ak 3 pawol - "envesti, aliyen, fè konpetisyon."

Administrasyon Biden nan ap envesti nan yon strateji endistriyèl pou kore ak etann enfliyans ekonomik ak teknolojik Ameriken, pou fè ekonomi Etazini an ak rezo apwovizyonman li yo pi reziyan ak konpetitif.

Dezyèm volè estrateji a se re-bay rezo alyans Etazini yo jarèt epi re-angaje enstitisyon entènasyonal yo.

"Yon lot domèn aliyman nou pataje ak alye nou yo ak patnè nou yo se dwa moun," Sekretè Blinken deklare.

"Lèzetazini kanpe fèm ak peyi ak pèp toupatou nan mond lan kont jenosid ak krim kont limanite kap dewoule nan rejyon Xinjiang lan... Nou kanpe fèm sou Tibet, kote otorite yo kontinye ap mennen yon kanpay brital kont Tibeten yo akoz kilti yo, lang yo, tradisyon relije yo, epi nan Hong Kong, kote Pati Kominis Chinwa a enpoze mezi anti-demokratik sevè sou preteks ke yap pwoteje sekirite nasyonal la."

Twazyèm eleman strateji nou an, se ranpote la viktwa sou La Chinn nan konpetisyon kle, Sekretè Blinken deklare.

"Peken ap pran avantaj ouvèti ekonomi nou yo pou espyone, atake rezo entènèt, volè tekonoloji ak konesans pou avanse inovasyon militè li a epi ogmante siveyans li sou sitwayen li yo. Kidonk pandan nap rasire pwochen vag inovasyon se Etazini, alye nou yo ak patnè ki mete sou mache a an premye, nou pral pwoteje tèt nou kont jefo kap fèt pou volè kreyativite nou oubyen mete an danje sekirite nou. "

Sou kestyon Taiwan nan, Etazini kontinye pran angajman vizavi politik "yon sèl Chin" nan, ki fè pati Ako Relasyon Taiwan nan, 3 Kominike Konjwen yo, 6 Rasirans yo. Nou opoze tout chanjman inilateral stati quo a; nou pa apiye endepandans Taiwan; e nou atann nou aske diferans ant peyi ki an fas youn lot nan detwa a rezoud yon fason pasifik," Sekretè Blinken deklare.

"Nou pral fè konpetisyon ak konfyans; nou va kowopere [ak La Chin] nempot kilè nou kapab; nou pral konteste sa nou dwe konteste," Sekretè Blinken deklare. "Pa gen okenn rezon pou gran peyi yo ko-egziste nan lapè, epi pataje ak kontribye a pwogrè limanite ansanm."

Sete yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an

XS
SM
MD
LG