Accessibility links

Breaking News

Kounye-a, yon editoryal ki reflete opinion Gouvènman Etazini an


U.S. President Joe Biden travels to Wisconsin and Pennsylvania on Labor Day
U.S. President Joe Biden travels to Wisconsin and Pennsylvania on Labor Day

Kounye-a, yon editorial ki reflete opinion Gouvènman Etazini an

15 Septanm make Jounen Entènasyonal Demokrasi. Se yon opòtinite pou ensiste sou avantaj ki genyen nan yon gouvènans demokratik ki akeyi tout tandans, e rekonèt defi ki devan demokrasi toupatou nan mond la.

Ane sa a, tèm nan se « libète laprès. » Pandan demokrasi ap fè bak e pandan rejim otoritè ap moute nan twòp peyi nan mond-la, li vin pi enpòtan anpil pou pwoteje yon près lib e ouvè pou prezève demokrasi.

Se paske yon près lib ka ekspoze kòripsyon, fè sitwayen konnen dwa yo lè li pibliye lwa ak politik nasyonal yo, e fasilite diskisyon piblik ak boukantay lide. E li ka mete devan tout moun efò lidè otoritè yo pou yo minen rèy lalwa, siprime eleksyon lib e onèt, e elimine dwa sivik ak libète ekspresyon.

Etazini bay demokrasi anpil valè paske, pou repete Sekretè Deta Anthony Blinken, “sosyete lib ak demokratik bay sitwayen ki pi an sante, mwens konfli vyolan, ak kominote ki pi pwospè. Vrèman vre, demokrasi pote benefis pou majorite a, pa sèlman pou kèk grenn moun. » Demokasi, li di, « abòde pi byen pi gwo defi yo ki nan tan nou an. »

Prezidan Joe Biden di ke, “Demokrasi – gouvènman pèp la, ke pèp la dirije e pou pèp la – se mwayen limanite genyen ki gen plis andirans pou fè vanse lapè, pwosperite, ak sekirite. Se ak li nou konsève dwa moun toupatou, libète fondamantal, ak diyite ke tout moun genyen. »

« Pa gen demokrasi ki pafè, e pa gen okenn demokrasi ki fin fèt. Chak avans ki fèt, chak barye ke nou kraze, se rezilta travay ki fèt ak detèminasyon, san pran souf, » pawòl Prezidan Biden. Nan Jou Entènasyonal Demokrasi a jounen jodi a, nou repran angajman pou nou fè travay du ki nesesè a pou asire ke demokrasi yo kontinye pran tèt mond la ak prensip nou e òganize yon avni ki bati sou respè dwa moun pou tout pèp.

Sete yon editoryal ki reflete opinion Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG