Accessibility links

Breaking News

Etazini Byen Akeyi Mark Frerichs ki Tounen Lakay li


Kounyea, yon editoryal ki prezante pozisyon Gouvènman Etazini an:
Etazini byen akeyi Mark Frerichs ki tounen lakay li san danje. Se yon Manm kò Lamarin Etazini ki te pase plis pase 2 lane edmi nan prizon nan Afghanistan.

Liberasyon li, pou repete Prezidan Joe Biden, se rezilta plizyè lane travay sèvitè leta ki gen devouman nan tout gouvènman an, ansanm ak lòt patnè toupatou nan mond la, pami yo gouvènman peyi Katar.

Sekretè Deta Blinken te souliyen angajman Etazini pou mennen tounen lakay tout sitwayen ameriken ki anba kòd san jijman oubyen ki ann otaj nenpòt kote nan mond la :

« Nou mete menm detèminasyon an ak menm konsantrasyon an nan efò sa yo ke nou te mete nan efò pou wete Mark Frerichs anba kòd e fè-l tounen lakay pou vin jwenn fanmi li. Pou Etazini, pa gen pi gwo priyorite pase mennen tounen Ameriken ki anba kòd san jijman epi enjisteman, ke yo kenbe ann otaj, fè yo tounen jwenn libète pou yo vin jwenn fanmi yo. »

Prezidan Biden reyafime ke “administrasyon li an kontinye ap mete kòm priyorite fè retounen san danje tout Ameriken ke yo kenbe ann otaj oubyen ke yo kenbe nan peyi etranje san rezon, e nou p ap sispann toutotan yo pa reyini ak fanmi yo.» Li ajoute,

« Nou gen anpil anpil lòt travay ki rete pou fèt nan lòt ka, men liberasyon Mark demontre angajman dirab nou. Menm jan ak travay nou pou fè kage Ameriken ke yo kenbe nan Birmani, Ayiti, LaRisi, Venezuela, ak lòt kote, se devwa nou pou nou fè tou sa nou kapab pou mennen moun nou tounen lakay. »

Sete yon editoryal ki prezante opinyon Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG