Accessibility links

Breaking News

Dyalog Ekonomik Gwo Nivo Etazini-Meksik


Yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

Mwa desanm ki pral vin la a, Etazini ak Meksik pral selebre 200tyèm anivèsè relasyon bilateral. Pandan tout 2 syèk sila-yo, tou 2 peyi yo te pote kole pou ranfòse lyen familial, kiltirèl, diplomatik ansanm ak lyen ekonomik.

Meksik se dezyèm pi gwo patnè komèsyal Etazini aloske Etazini limenm, se premye patnè komèsyal Meksik.

Pandan dyalòg wo nivo mwa septanm pase a, sekretè deta ameriken Antony Blinken di ansanm , nou posede fòs travay pi konpetan e pi entegre nan mond la, e nou genyen sant endistriyèl pi sofistike mete ak yon bon valè sant inovasyon.

“ Lè nou makonen fòs nou, chak nan nou ka fè konkirans pi byen, gen plis pwosperite nan rejyon nou yo, e kisa sa vle an tèm konkrè pou pèp nou yo, se plis djòb, djòb ki peye pi byen, pi bon lekòl nan kominote nou yo ak plis opòtinite pou ti antrepriz yo. “

Sekretè dta Etazini Antony Blinken kontinue pou l di “ Patenarya sila a vin pi solid nan ane ki sot pase yo, Akò Etazini-Meksik –Kanada-a toujou rete meyè zouti pou fè pwomosyon pou konkirans ekonomik Amerik Dinò, yon fason pou pote bon rezilta pou travayè nou yo. Anmèmtan tou, travay nou sou lobedyans enstans Dyalòg Sekirite a wo nivo ap ede tou 2 peyi yo leve defi tankou menas trafik Fentanyl ak lòt kalte dwòg, trafik kretyen vivan mete ak enskirite e zak vyolans.

Chèf diplomasi Etazini Antony Blinken presize lwa sou Chips ak lasyans la, se yon inisyativ enpòtan ki vize ranfòsman konkirans, e ki pral founi yon fon lajan pou devlope chèn distribisyon semi-kondiktè nan rejyon Amerik Dinò a.

“ Pi gwo eleman nan chèn distribyon yo deja etabli kòmsadwa o Meksik, e genyen konpayi ki baze Ozetazini tankou INTEL ak SKYWORKS kap travay sou rechèch ak devlopman, dizayn, asanblaj e yap travay tou sou tès manifakti kèk kote nan peyi Meksik. Lwa sou CHIPS la vize bay moun avantaj pou vin envesti nan mòd travay sa a toupatou nan rejyon an.”

Sa pral garanti kapasite pou nou konstwi bagay sa yo ak lòt eleman nou bezwen nan 21nyèm syèk la isit la nan rejyon Amerik Dinò a.

“ Gen yon lòt inisyativ ki mache ak lwa ki vize redui enflasyon an ki prevwa, antwòt, avantaj taks pou veyikil ki itilize elektrisite ak batri yo fabrike nan Amerik Dinò. Se yon mwayen pou kreye plis djòb, konbat kriz klimatik mondyal la epi ranfòse sekirite nan domèn enèji, dapre sekretè deta ameriken Antony Blinken.

Etazini ak Meksik pran angajman pou kreye yon kwasans ekonomik elaji ki kapab pote delivrans pou popilasyon tou 2 nasyon yo.

Sete yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG