Accessibility links

Breaking News

Martin Luther King Day 2023


Kounyea, yon editoryal ki reflete Ideyal ak institisyon Etazini:

Jou ki fè 3èm lendi chak mwa Janvye, Ameriken onore memwa Reveran Doktè Martin Luther King Jr. Doktè King sete yon paste Batis ki sete moun eta Alabama nan sid la, ak yon lidè nan lit kont inegalite sou baz ras nan Etazini. 15 Janvye sa a, li ta selebre 94èm anivèsè li.

Peryòd 100 lane apeprè, ki te tanmen an 1865 ak finisman Gè Sivil Etazini an ak ratifikasyon 13èm Amandman Konstitisyon an, ki te deklare ke esklavaj ilegal, ak boulvès vè finisman ane 1960 yo, kote dè santèn milye Ameriken te okipe beton an pou reklame pwoteksyon dwa sivik pou gwoup ki pa gen ase reprezantan nan sistèm politik la, pami yo minorite rasyal yo ak fanm yo, kote pifò nan popilasyon Nwa Ameriken an te sibi sa ki te rele lwa Jim Crow yo. Te gen lwa nan nivo local ak nan nivo eta ki te legalize segregasyon rasyal ak diskriminasyon san rezèv, ke otorite nan gouvènman an ak brigad vjilans sivil te fè respekte ak vyolans. Nwa Ameriken yo ki te chache chanje sistèm apartheid sa a te jwenn ak vyolans san mezi ki nan anpil ka te debouche sou lanmò militan yo.

Nan anviwònman sa a, Dr. King, ki te swiv doktrin Mahatma Gandhi ki vle pwotestasyon san vyolans la, te mennen fidèl li yo pou òganize mouvman pou anpil moun bòykote kèk bagay, fè sit-in, mach pasifik ak lòt zak dezobeyisans sivil san vyolans. Repons la ki anpil fwa te ekstrèm te sèlman moutre rès peyi a jan li te ijan pou gen chanjman.

Mouvman Doktè King nan, ak Mouvman Dwa Sivik la ki te pouse pandan dèz ane pou gen tretman pi jis devan lalwa a te rive fè pase Lwa pou Dwa Sivik la an 1964, ki te deklare ilegal segregasyon, kidonk separasyon ant ras, nan lye piblik yo, ansanm ak diskriminasyon nan domèn travay sou baz ras, koulè, relijyon, sèks oubyen orijin nasyonal.

Dr. King pa te gen tan jwi frwi travay li. Yo te asasinen li 4 Avril 1968, nan laj 39 lane. Malgre sa, nan peryòd yon dizèn lane, lwa ki te legalize segregasyon yo te anile, e jounen jodia diskriminasyon se yon bagay ke moun pa aksepte e se yon ofans ke lalwa pini.

« Jounen jodia, moun nan tout sektè kontinye ap fè mach – kote yo leve vwa yo pou konfwonte abi pouvwa, defye rayisman ak diskriminasyon, pwoteje dwa pou moun vote, ak posiblite pou yo jwenn bon jan djòb, swen sante, lòjman, ak edikasyon, » se pawòl Prezidan Biden. « Nan jou sa a, nou reflechi sou eritaj yon nèg ki te leve vwa li pou pale ak konsyans nasyon nou an ak mond nou an. »

Sete yon editoryal ki reflete ideyal ak enstitisyon Etazini.

XS
SM
MD
LG