Accessibility links

Breaking News

Pou Abòde Kriz Politik Ak Imanitè Ayiti A


Kounyea, yon editoryal ki reflete pozisyon gouvènman Etazini an:

Etazini kontinye reponn kriz ensekirite ak imanitè ki ap vin pi grav ann Ayiti a e sipòte efò ke Ayisyen ap mennen pou rive nan yon akò ke tout Ayisyen ta benefisye.
Etazini ansanm ak Meksik te prezante yon rezolisyon ki tabli yon rejim sanksyon kòm yon pa enpòtan pou ede pèp ayisyen an. Etazini mete tou restriksyon sou viza tout moun ke li konnen kòmkwa yo te pote-kole ak gang kriminèl ann Ayiti.

“Etap sa yo deja koumanse gen yon efè glase sou lidè gang yo ak elit politik ak ekonomik ki lakoz e finanse kriz ki kontinye ap sakaje Ayiti yo, men nou pa gen lidi kanpe la,” se pawòl anbasadè Etazini Robert Wood ki se Reprezantan Nasyon Zini pou Afè Politik Espesyal.

“N ap kontinye vize chef gang vyolan yo ak moun ki ap finanse yo. Nou ap idantifye plis moun pou nou vize e pou nou bay non yo nan Nasyon Zini pou yo sispann finansman ki al jwenn moun sa yo ki mele nan rebelyon ki ap fèt ann Ayiti a.”

“Nou pran kouraj lè nou wè ke Polis Nasyonal Ayisyen an te rive retabli kontwòl sou tèminal gaz la nan Varreux. Malgre devlopman pozitif sa a, vyolans ak ensekirite rete yon pwoblèm chak jou pou Ayisyen, » pou repete Anbasadè Wood :

« Kidnapping ki ap kontinye, vyolans seksyèl ak vyòl ke gang yo kontinye ap fè sou popilasyon an, lese-frape ant gang, ak blokaj prensipal wout yo nan peyi a, tout sa yo rete gwo defi. Pou rezon sa a, nou kontinye ap plede pou sipò sekirite entènasyonal, e ladann yon fòs ki pa miltinasyonal, ke gouvènman ayisyen an te mande. »

Etazini bay Ayiti sipò sekirite pou yon valè plis pase 90 milyon dola nan 18 mwa ki pase yo e li pwal kontinye bay sipò ki enpòtan anpil ke Etazini ap bay direkteman. « Nou kontinye tou founi èd ki ap sove lavi pandan pèp ayisyen an ap lite pou li fè fas ak yon sityasyon imanitè ki ap agrave rapid, ki kreye kondisyon ki sanble ak famin nan kèk zòn nan Pòtoprens, epi kolera ki ap gaye nan tout peyi a, » se pawòl Anbasadè Wood.

Etazini ap ogmante asistans ijan pou reponn kè-sote ki ap gwosi sou kesyon pwoteksyon kont maladi, ede bare epidemi kolera a, e livre manje esansyèl ak lòt atik ki nesesè pou kominote ki pi fèb yo nan Pòtoprens e nan tout peyi a. Etazini mande donatè yo pou yo ogmante sipò pou Ayiti nan peryòd kriz politik sa a ki grav anpil.

Sete yon editoryal ki reflete pozisyon Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG