Accessibility links

Breaking News

Koperasyon Etazini-Afrik Nan Lespas


Kounyea, yon editoryal ki reflete pozisyon gouvènman Etazini:

Etazini ak yon kantite nasyon ki ap ogmante ap laji koperasyon nan lespas. “Pandan n ap antre nan yon nouvo epòk devlopman lespas, li enpòtan pou nou sonje avantaj klè ke pote-kole nan domèn espasyal ka pote pou sitwayen nou yo,” se pawòl Asistan Sekretè Deta pou Oseyan ak Anviwònman Entènasyonal ak Afè Syantifik, Monica Medina.

Asistan Sekretè Deta Medina te byen akeyi Nijerya ak Rwanda kòm 2 premye nasyon afriken ki siyen Akò Artemis yo.

Li eksplike, “Peyi yo ki siyen 23 Akò Artemis yo reprezante yon gwoup nasyon ki diferan youn ak lòt e ki gen yon pakèt kapasite ak enterè nan lespas.”

“Akò yo sipòte aktivite nou nan pwogram Artemis la nan NASA, ki vize depoze premye fanm koulè nan Lalin, pami lòt objektif. Nan pwogram Artemis la, Etazini ap bati efò espasyal entènasyonal ki pi vas e ki gen moun ki pi diferan nan istwa limanite.”

Satelit pou obsèvasyon Latè, ki baze nan lespas, ka pote avantaj klè pou moun ki ap viv sou Tè a, dapre Asistan Sekretè Deta Medina:

“Pa ekzanp, nan Etazini, nou sèvi ak sa pou ede nou konprann rejyon lakay nou ki pran dife fasil e limite dega yo, e sove lavi e minimize pèt ekonomik yo. Sa gen sèlman yon mwa, Ouganda ak Zimbabwe te lanse premye satelit pa yo pou obsève Latè, ki pwal fè analiz sou kalite dlo, konsèvasyon tè ke moun ap itilize, ak fètilite tè yo… Nou espere fè patnè ak nasyon afriken yo sou jan yo pwal sèvi nan lavni ak obsèvasyon Latè gras ak satelit ki baze nan lespas.”

Nan kè tout aktivite sa yo, dapre Asistan Sekretè Deta Medina, « efò nou nan lespas la sèvi pou amelyore lavi moun nan Etazini, sou kontinan afriken an epi, vrèman vre, nan tout mond la.”

Etazini te byen akeyi tou sipò manm yo nan Gwoup Afriken an pou yon rezolisyon l-ONU ki mande pou tout nasyon pran angajman pou yo pa lanse dirèkteman misil ki vize detrwi satelit nan lespas:

“Tès sa yo jennen stabilite lespas nan donmaje anviwònman espasyal la, e yo mete an danje izaj lespas pou tout nasyon. Nou apresye anpil bon jan sipò ke nou jwenn nan Gwoup Afriken an pami nasyon yo nan Asanble Jeneral l-ONU an lè nou menm Etazini te patwone yon rezolisyon, ki souliyen angajman pasifik sa a pou nou pa teste misil satelit sa yo ki ka fè anpil destriksyon. Lè nou pran angajman pou etidye lespas e sèvi ak li yon fason ki estab, nou ka debloke kapasite li ki san limit. »

Sete yon editoryal ki reflete pozisyon gouvènman Etazini.

XS
SM
MD
LG