Accessibility links

Breaking News

POU FÈ FAS AK NOUVO FIGI KÒRIPSYON AN


Kounyea, yon editoryal ki reflete pozisyon gouvènman Etazini an:

Kòripsyon se yon pwazon. Li detwi konfyans, minen devlòpman, devaste konfyans nan enstitisyon yo, e jennen kwasans ekonomik.

Finalman, se sitwayen yo ki sibi konsekans lè pri ap moute sou mache yo, lè gen pi piti resous ki envesti nan sektè piblik la, e lè anviwònman an degrade.

Pifò moun, lè yo sonje kòripsyon, yo wè lajan anba tab nan boukantay favè, oubyen otorite yo ki gen men yo nan kès leta. Men « kòripsyon kounyea se pa sèlman kesyon lidè otoritè ki fè pwòp lwa pa yo, kote yo vòlè richès pwòp nasyon pa yo pou yo mennen gran vi – se kesyon kote yo bati tout yon sistèm gouvènans – ak èd moun ki fasilite yo nan lòt peyi, » se pawòl Administratè USAID Samantha Power.

« Se kesyon pran avantaj nan yon sistèm finansye kote sitwayen yo pa konnen sa k ap pase, pou yo fè piyaj nan gran teren entènasyonal ak èd yon nouvo endistri ki fòme ak mèt dam sa yo ki travay anba chal.

« E se kesyon sèvi ak kòripsyon pou enfliyanse politik – ak regleman – lòt peyi e refòme jan bagay fèt nòmalman nan mond la e enfliyanse enstitisyon entènasyonal yo pou fè yo travay nan enterè pa yo yo. »

Yon politisyen kòwonpi ki te pase nan eleksyon ak èd yon vwazen puisan pwal sèvi ak pozisyon li pou kreye yon sistèm kòripsyon ki blayi nan tout sektè ekonomik yo. E donan-donan, li pwal akòde byenfetè li yo kokenn avantaj, e menm pèmèt yo gen yon sèten kontwòl lakay li.

Fè kòripsyon tounen sistèm, sèvi ak li pou fasilite kèk aksyon, fè li sèvi kòm enstriman pou peyi yo fonksyone, pou lidè yo jwenn avantaj politik nan lòt peyi – sa yo se kalite, se figi kòripsyon modèn nan, » pou repete Administratè Power.

« L-ONU estime ke kòripsyon koute mond an devlòpman an 1 trilyon 260 milya dola chak ane, e moun ka sezi tande ke sa fè 9 fwa valè tout asistans ofisyèl pou devlopman ke peyi devlope yo bay chak ane – 9 fwa valè asistans sa a. »

Kòm repons, Etazini ap chanje metòd li, pou reponn figi modèn kòripsyon yo.

« Dabò, nou vle redui òpòtinite pou kòripsyon yo pou koumanse – kit se nan politik entèn, kit se nan nivo transnasyonal. 2èmman, kote kòripsyon an fèt la, nou vle fè aktè yo peye plis pou dekouraje lòt ki ta vle fè menm jan an – antwòt nou ka finanse rezo mondyal jounalis ankèt ak militan ki vle fè lari a konnen kèk konbinezon konplike ki fèt ant plizyè peyi. E 3èmman, nou vle ankouraje bon konpòtman ak aksyon san chimen kwochi, yon jan pou nou rekonpanse fonksyonè leta ki kenbe tèt yo drèt, ak lidè nan sektè prive ki ap pran desizyon pou amelyore efò pou konbat kòripsyon olye yo agrave sityasyon yo. »

Aktè kòronpi yo chanje taktik ak metòd yo tout tan. Pou nou matche ak yo, nou ap amelyore zouti pa nou pou nou reponn kèk fenèt opòtinite istorik ki parèt, pou nou ka dechouke sistèm kote se vòlè ki fè lalwa a. Nou ofri pou nou fè tèt-kole ak tout moun ki pran angajman pou asire ke resous leta sèvi enterè piblik la.

Sete yon editoryal ki reflete pozisyon Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG