Accessibility links

Breaking News

Enpòtans Limitasyon Nan Kantite Manda Presidan


Kounyea, yon editoryal ki reflete pozisyon gouvènman Etazini an:

Gouvènans ann Afrik an jeneral pa gen yon ale-mye depi 2019. Anpil peyi sou kontinan an te gen plis danje, mwens sekirite, ak mwens demokrasi an 2021 konpare ak 2012, dapre Endis Ibrahim pou Gouvènans ann Afrik, ki pibliye yon evalyasyon sou kalite gouvènans nan peyi afriken yo chak 2 lane.

Nan dizèn lane ki pase a, gen ogmantasyon nan kantite lidè peyi afriken ki jwenn e aplike mwayen pou yo pa obeyi limit sou kantite manda ke konstitisyon peyi yo ba yo. Depi 2015, plis pase yon douzèn prezidan te ranje kò yo pou yo febli, mete sou kote oubyen elimine limit manda yo, ki se mwayen pou redui nan mezi pouvwa ki nan men branch ekzekitif gouvènman an. Sa ale kont opinion piblik la.

Dènye chif ke Afrobaromèt ranmase di nou ke 60 pousan moun, kidonk gwo majorite di yo pito demokrasi pase nenpòt lòt fòm gouvènman… e kèk majorite klè andose tou prensipal prensip ak enstitisyon demokratik yo tankou yon palman k ap kontwole prezidan an (sa se 65 pousan) ak limit sou kantite manda, 73 pousan.”

Lè pouvwa a konsantre nan tèt la, wòl sosyete sivil la diminye e gouvènman an gen mwens chans pou li reponn volonte pèp la. Lè konsa, pouvwa k ap gouvène yo ap reziste kont lide nèf e yo rete kole nan sityasyon ki la a, kote yo anpeche avansman ak devlopman.

Lidè ki pa okipe volonte pèp la p ap pran tan pou yo imajine ke lwa li la yo pa konsène yo. Yo travay pou yo redui pouvwa lòt branch nan gouvènman an.
Yo bloke konpetisyon politik e mete baboukèt nan bouch moun ki kritike yo, e anpil fwa, yo sèvi ak lafòs pou yo fè sa. E yo pran pou antoure yo moun ki pa janm pa dakò ak yo, e konsa yo elimine tout posiblite pou chavire oubyen chanje move desizyon. Preske nan tout ka, yo lage kò yo nan kòripsyon.

Listwa moutre ke nan peyi ki pa gen limit manda ke yo ka fè respekte, e konsa ki pa gen tranzisyon politik serye, demokrasi gen pwoblèm. E kòm se demokrasi ki esansyèl pou lapè dirab, pou sekirite ak devlopman moun, peyi konsa gen tandans pou ekonomi yo ak kilti yo pa fè pwogrè.

Sa pa oblije konsa. Endis Ibrahim nan moutre tou ke, malgre gen bak ki fèt anpil kote, plis pase mwatye nan popilasyon Afrik la, 53 pousan, ap viv kounyea nan peyi kote gouvènans an jeneral fè pwogrè ant 2012 ak 2021. E pandan kèk moun chache nye limit manda yo oubyen fè konbinezon ak yo, 21 peyi ranfòse limit manda oubyen fè plan pou tabli yo.

Etazini kanpe bò kote peyi sa yo ki gade devan. Nan tout Afrik anba Sahara a, Etazini pran angajman pou li pouse regleman demokratik ak eleksyon ki reflete volonte pèp yo.

Sete yon editoryal ki reflete pozisyon Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG