Accessibility links

Breaking News

Bon Nouvèl Ak Move Nouvèl Ki Soti Ayiti


Kounyea, yon editoryal ki reflete pozisyon gouvènman Etazini an:

Ann Ayiti, avans politik ki fèt, yo pa parèt kòmsadwa akoz kriz sekirite ak kriz imanitè yo ki ap agrave, dapre Nasyon Zini.

21 Desanm, Premye-minis Ariel Henry ak reprezantan divès sektè nan sosyete Ayiti a te siyen yon nouvo akò politik ki rele Akò “Antant Nasyonal pou yon Tranzisyon ak patisipasyon tout sektè e pou eleksyon Transparan,” [kidonk san kachotri], ki detaye plan pou eleksyon e mete chita “premye gouvènman apre refòm” ann Ayiti.

Nou pran kouraj deske yon pakèt aktè politik, sektè prive a, gwoup nan sosyete sivil la, gwoup relijye, asosyasyon travayè, ak lòt ankò te resi chita ansanm pou yo antann yo sou etap ki nesesè pou rive nan eleksyon lib e onèt,” se pawòl Reprezantan Adjwen Etazini pou Afè Politik Robert Wood.

« Adopsyon akò 21 Desanm nan se yon opòtinite pou Ayisyen rekoumanse travay pou retabli stabilite peyi yo e amelyore gouvènans la. Li enpòtan anpil pou akò a ak aplikasyon li mentni patisipasyon tout sektè, e nou apresye wòl ke sosyete sivil la ak sektè prive a jwe nan ede divès pati ki gen objektif diferan rive chita ansanm. »

Sepandan, pou fè pwogrè, Ayiti dwe abòde divès pwoblèm grav, espesyalman kriz imanitè peyi a ak epidemi kolera a, ansanm ak vyolans gang yo ki rive nan nivo ki bay anpil kè-sote.

« Vyolans ki gen rapò ak gang rive nan nivo ke peyi a pa te janm konnen anvan, ki sitou agrave kriz imanitè ke peyi a ap viv la, e redui nan kapasite li pou abòde epidemi kolera a, ki sitou frape timoun ak jèn yo. »

Gouvènman ameriken an ap bay dè santèn milyon dola asistans etranje pou sipòte efò gouvènman ayisyen an ak òganizasyon non-gouvènmantal yo ki ap chache takle defi sa yo. Pou ede abòde gang vyolans ki ap ogmante nan peyi a, Depatman Deta miltipliye pa 3 asistans ke li ap bay Polis Nasyonal Ayisyen an pou rive 90 milyon dola depi 2021. Anplis, USAID ap ajoute 56.5 milyon dola pou asistans imanitè.

Asistans etranje Etazini se sèlman yon pati nan istwa a. Sanksyon yo tou jwe yon wòl enpòtan nan sipò a. “Nou pran kouraj deske yon rejim sanksyon Konsèy Sekirite l-ONU an dekouraje moun ki ta chache komèt zak vyolans e finanse vyolans ki lakoz enstabilite a ann Ayiti,” se pawòl Anbasadè Wood.

Ayiti se yon gwo patnè nan aplikasyon Estrateji Etazini pou Anpeche Konfli e Pouse Stabilite. « Etazini ap kontinye travay sou kriz imanitè Ayiti a, ak sou ensekirite a e sipòte efò ke Ayisyen ap dirije pou fasilite kondisyon politik ki ta mennen nan eleksyon lib e onèt. »

Sete yon editoryal ki reflete pozisyon Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG