Accessibility links

Breaking News

Etazini Apiye Mezi pou Kwape Vyolans an Ayiti


Yon editoryal ki prezante politik Etazini

Lèzetazini kontinye kanpe an solidarite ak pèp Ayisyen an ak sa yo ki pèdi fanmi ak zanmi nan inodasyon, tranblemanntè ak zak vyolans ki ogmante 17 wotè.

"Panèl Ekspè kap travay sou sanksyon Nasyonzini rapote yon ogmantasyon nan zak vyolans gang ame yo epi ke gang yo pran kontwol plis teritwa," Jeffrey DeLaurentis, Reprezantan Adjwen A.I. Lèzetazini nan Nasyonzini deklare.

Zak vyolans seksyèl nan kad konfli kontinye sèvi kom rezon pou plis zak vyolans, sa lakoz moun kouri kite kay yo e souvan zak sa yo fèt pandan abi kont sivil ap komèt.

Zak vyolans gang yo kap kontinye redui tou kapasite Ayisyen genyen pou fè lajan pou viv, bloke aksè yo ak sèvis swen sante, timoun paka al lekol, epi sa kreye yon kriz ensekirite alimantè ijan.

Lèzetazini dispoze plis pase $110 milyon dola asistans imanitè pou Ayiti ane sa a.

"Sepandan, san yon amelyorasyon nan ensekirite a, sityasyon imanitè Ayiti pral kontinye deteryore."

Depatman Jistis Etazini kreye pozisyon Kowodinatè pou Akizasyon Ka ki Gen Rapo ak Zam a Fe nan Karayib la, pou amelyore pataj enfomasyon ant peyi nan rejyonan epi apiye jefo kap fèt pou mennen trafikan zam yo devan la jistis.

"Lèzetazini monte tou, yon Inite Envestigasyon Kriminèl Transnasyonal an kolaborasyon ak Polis Nasyonal Ayisyèn nan pou fasilite ankèt ak akizasyon moun ki komèt krim," DeLaurentis fè konnen.

"Konsèy Sekirite LONU pral oblije fè travay pa li pou ede Ayiti, tankou pa egzanp vote plis sanksyon kont moun ki finanse epi ankouraje zak vyolans pou destabilize peyi a."

Sete yon editodyal ki prezante politik Etazini.

XS
SM
MD
LG