Accessibility links

Breaking News

"Fèt Travay 2023"


Kounyea yon editoryal ki reflete ideyal ak enstitisyon Ameriken:

Premye Lendi mwad Septanm nan, Ameriken obsève Labor Day - Fèt Travay.

Jotia, pi fo moun selebre fèt nasyonal la kòm fen ofisyèl sezon ete a. Yo fè piknik, yo rasanble ak fanmi yo epi yo asiste parad. Men sak pi enpòtan an jou sa, se ke se yon jou pou rann omaj ak travayè peyi Etazini ak kontribisyon yo pote nan pwosperite Etazini.

Pandan pi fò dezyèm mwatye 19èm syèk le - pou rive nan premye ka 20èm syèk la, gason ak fanm sa yo te goumen pou dwa ke anpil moun pran a la lejè jodia. Se gras ak yo ke semèn travay la dire 5 jou, epi 40 hè. Kondisyon travay yo pi su, yo touche salè yo menm lè yo oblije pran vakans akoz maladi oubyen lè yo bezwen rilaks epi repoze. Yo te konprann ke timoun ta dwe pase jounen yo lekòl, ap prepare pou yon pi bèl avni, olye ap travay nan minn chabon, rekòlte fwi ak legim, oubyen baleye minn asye yo.

"Papa m te aprann mwen depi m te piti ke yon djòb se plis pase yon chèk," Prezidan Joe Biden fè konnen. "Sa gen pou wè ak diyite, respè epi plas ou nan kominote a. Se yon kestyon gade pitit ou nan je e rasire yo ke tout bagay ap anfòm. Lè Ameriken al travay chak jou, yo pa sèlman ap antre lajan pou viv - yap pousuiv yon vi ak espwa pou lavni. Lè yo fè sa, yo patisipe nan konstriksyon, swen, operasyon ak kwasans peyi nou."

Depi kòmansman mouvman an, lidè sendika travay yo te konprann ke san libète ekonomik pou klas travayè a, patap genyen okenn libète pou majorite Ameriken yo. Yo te konprann ke se sèlman si yo aji ansanm, si yo inifye jefò yo ak fwa yo atravè yon sèl kanpay epi pwoteste ak fè grèv youn apre lòt, yo tap ranpòte dwa peman ki jis, kondisyon travay ki desan, epi resevwa diyite yo merite a.

"Ameriken ki travay di yo, se poto mitan peyi nou," Prezidan Biden deklare. "Klas mwayèn nan konstwi Lèzetazini - epi sendika yo konstwi klas mwayèn nan. Tout sa ki apiye lavi klas mwayèn nan de jou an jou, posib gras ak sendika yo. Pou Fèt Travay la nou rann omaj ak tout travayè sa yo - ak mouvman yo ki dire lontan - e ki lakoz ekonomi nou ap fè pwogrè epi bay peyi nou fòs."

Sete yon editoryal ki reflete ideyal ak enstitusyon Ameriken.

XS
SM
MD
LG