Accessibility links

Breaking News

L-ONU Apwouve Misyon Sekirite Milti-Nasyonal Pou Ayiti


Kounyea, yon editoryal ki prezante pozisyon Gouvènman Etazini an:

« Moun tout kote ann Ayiti ap rele anmwe pou mande sekou. E yo ap mande kominote entènasyonal la pou leve pye pou yo, » se deklarasyon Anbadasadè Etazini nan Nasyon Zini Linda Thomas-Greenfield.

2 Oktòb, Konsèy Sekirite l-ONU an te reponn apèl sa a nan pase yon rezolisyon – ke Etazini ak Ekwatè te ekri – pou otorize yon misyon Miltinasyonal Sipò pou Sekirite pou Ayiti.

Misyon an ap vini sou demann gouvènman ayisyen an ak sosyete sivil la pou abòde ensekirite ak kriz imanitè grav ke peyi a ap viv depi twò lontan, se pawòl Anbasadè Jeffrey DeLaurentis, ki se Vis Reprezantan Pwovizwa Etazini nan Nasyon Zini.

« Deplwaman misyon sa a pwal ede sipòte bezwen kritik, ki preske rive nan dènye limit, e ankouraje kondisyon sekirite ki nesesè pou peyi a rive nan yon stabilite ki ap la pou lontan. Sa ki enpòtan an, rezolisyon sa a rekonèt nesesite pou nou aprann leson ke nou te jwenn nan misyon ki te fèt deja, e li mande kèk mezi pwoteksyon pou fè respekte dwa moun e fè moun pote responsablite pou aksyon ke yo komèt. »

Rezolisyon an moutre klè ke misyon Miltinasyonal Sipò pou Sekirite a pwal opere pandan li ap konfòme li yon jan estrik ak lalwa entènasyonal, e li pwal sèvi ak konesans ki santre sou operasyon anti-gang, sou travay lapolis ki oryante sou prensip kominote, sou pwoteksyon pou timoun ak fanm, e sou anpeche vyolans seksyèl ki fèt selon ke moun nan gason oswa fanm, e bay yon repons lè sa fèt.

Anbasadè Thomas-Greenfield remèsi Kenya poutèt li leve pye li pou pran tèt misyon sa a, e li remèsi tou peyi tankou Jamayik, Bahamas, Antigua ak Barbuda poutèt yo pran pozisyon piblikman kote yo pwomèt pou bay moun pou misyon an. Etazini pran angajman pou bay asistans pou fòs miltinasyonal sa a. « Nou vle travay ak Kongrè a pou nou bay sipò pou yon valè 100 milyon dola, » se sa Anbasadè Thomas-Greenfield eksplike. E Depatman Defans pare pou bay asistans pa li tou. Etazini mande rès kominote entènasyonal la pou sipòte misyon sa a ann Ayiti.

« Si nou aji san pèdi tan, » se Anbasadè Greenfield ki ap pale, « misyon an ka deplòtonnen nan kèk mwa konsa. » Pa gen tan pou nou pèdi. Tankou Prezidan Joe Biden te di devan Asanble Jeneral l-ONU an, mwa pase, « pèp Ayiti a pa ka tann anpil tan ankò. »

« Mwen gen mesaj sa a pou pèp ayisyen an, » se Anbasadè Thomas-Greenfield ki ap pale ankò : « Kontinye kanpe djanm e dwat. Èd ak espwa ap vini. »

Sete yon editoryal ki prezante pozisyon Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG