Kounyea, yon editoryal ki prezante pozisyon Gouvènman Etazini an:
“Mineral ki enpòtan anpil se eleman esansyèl pou bati nouvo teknoloji ke nou pwal bezwen, si nou vle konbat chanjman klima a,” se pawòl Sou-Sekretè Deta pou Kwasans Ekonomik, Enèji, ak Anviwònman Jose Fernandez.
Sou-Sekretè Deta Fernandez ki t ap pale nan moman Asanble Jeneral Nasyon Zini an t ap dewoule, te fè wè ke gen yon gwo ogmantasyon nan bezwen pou mineral tankou lithium, grafit ak mayezyòm.
“Sèlman pou ban nou yon ekzanp – Nou pwal bezwen, distans pou rive nan ane 2050, 42 fwa kantite lithium ke nou itilize jounen jodia.”
Yon bezwen konsa mete devan nou yon gwo defi, se Sou-Sekretè Deta Fernandez ki ap pale, ki se devlope chenn distribisyon ki klè devan je tout moun, ki gen sekirite, e ki respekte anviwònman an.
“Kounyea, kantite materyèl sa yo pratikman anba kontwòl youn ou 2 peyi. … Nou pwal bezwen pou divès peyi gen kontwòl sa a. Poukisa? Paske, jan nou te aprann nan Covid, lè chenn distribisyon yo konsantre nan youn ou 2 peyi, gen yon danje la. »
Yon 3èm defi, se travay nan min nan menm.
« Anpil fwa, kominote ki gen aktivite fouye min lakay yo soufri. … Nou bezwen jwenn mwayen pou kominote yo ak peyi yo benefisye tou nan aktivite sa yo. … Nou ap travay ak peyi sa yo pou asire ke nou fè patnè ak yo e ke se pa sèlman yon kesyon de pran min anba tè a. … Poukisa? Paske sa kreye travay, e li kreye opòtinite pou jèn yo ka gen yon avni nan pwòp peyi yo. »
Yon jan Etazini ap ede abòde defi ki devan li pou jwenn mineral, se nan sèvi ak sa ki rele Asosyasyon pou Sekirite nan bezwen pou Mineral, ki gen ti non MSP. MSP ki fòme ak 13 peyi e ak Inyon Ewòp la, travay ansanm ak patnè nan sektè piblik ak prive nan envestisman, finansman, ak devlopman pou kreye opòtinite nan travay ak kontwòl nan min yo, nan transfòme mineral e nan resikle yo.
Sou-Sekretè Deta Fernandez ensiste pou di ke prensip MSP yo klè.
« Nou pwal asire ke konpayi nou yo swiv prensip yo ki plis pwoteje anviwònman an, ak prensip ki plis respekte gouvènans. Sa vle di kòripsyon pa ladann, e ke nou travay tou ak kominote yo. Kominote yo dwe benefisye nan jan de pwojè sa yo, si se pa sa, kominote yo pwal kont yo, e pwojè yo ap kanpe. »
Pou nou konbat chanjman klima a ki se yon defi pou ekzistans nou, se Sou-Sekretè Fernandez ki ap pale, « Nou … bezwen asire ke nou pa fòse peyi yo chwazi ant degradasyon anviwònman an ak kwasans ekonomik. Se pa kesyon de youn ou lòt. Se 2 objektif ke nou dwe akonpli ansanm. »
Sete yon editoryal ki prezante pozisyon Gouvènman Etazini an.