Accessibility links

Breaking News

Ankourjman Pou Yon Chwa Onèt Jij Kou Siprèm Yo Nan Gwatemala


Men yon editoryal k ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Nan Gwatemala, Palman an ap eseye nonmen yon moun kòm jij nan tribinal konstitisyonèl la alòske moun sa a gen kèk akizasyon grav k ap peze sou do l.

Daprè youn nan akizasyon yo, gen konbinezon pou anpeche lajistis fè travay li epi prèv ki montre ke nan le pase moun sa a te mele nan magouy avèk Gustavo Alejos, yon ansyen konseye prezidansyèl ke Depatman Deta a te diziye piblikman kòm yon nonm ki mele nan koripsyon grav ki minen eta de dwa nan Gwatemala.

Nan dat premye fevriye a, aprè yon jij te resevwa yon plent Ministè Piblik Gwatemalma a te pote, li te lanse yon manda darè dèyè Alejos -ki se yon posib kandida pou yon plas nan Tribinal Konstitisyonèl la- poutèt li te anpeche lajistis fè travay li.

Le fèt ke yon moun antre nan konfyolo ak Gustavo Alejos se yon bagay ki bay kèsote. An 2020, Biwo Pwokirè Espesyal Gwatemaltèk kont Enpinite a te denonse kèk move entèferans ki t ap fèt nan sistèm jistis la. Yon ankèt ta pral montre ke Gustavo Alejos, yon òmdafè gwatemaltèk e yon ansyen chèf pèsonèl ansyen Prezidan Gwatemala Alvaro Colom -ki nan prizon kounyela a pou koripsyon- te monte yon magouy pou l te enfliyanse pwosesis seleksyon jij ni Kou Dapèl la, ni Kou Siprèm nan. Daprè nouvèl ki parèt nan laprès, Alejos te pran kontak avèk omwen 41 moun ki patisipe nan pwosesis seleksyon jidisyè a; pami yo gen 10 palmantè -2 nan palmantè sa yo se ofisyèl nan gouvènman aktyèl la nan Gwatemala.

Akoz de tou sa, nan mwa jen 2020 an, Depatman Deta Ameriken an te deziye Alejos ak manm fanmi pwòch li yo kòm moun ki pa pakab antre Ozetazini pou enplikasyon misye nan zak koripsyon grav.

Nan pozisyon ofisyèl Alejos kòm chèf pèsonèl ansyen Prezidan Gwatemala Alvaro Colom, li te mele nan efò pou minen eta de dwa ak konfyans piblik gwatemaltèk la nan enstitisyon demokratik peyi a, nan otorite yo e nan fonksyonnman administrasyon piblik la sou gouvènman Colom nan.

Pòtpawòl Depatman Deta a, Ned Price, deklare:

“Efò Palman Gwatemaltek la ap fè pou l plase pami manm Tribinal Konstitisyonèl la yon moun ki makònen avèk Alejos e ki gen akizasyon koripsyon grav k ap peze sou do l, lage dout sou entegrite pi gran tribinal Gwatemala a; e konsa, sa afebli eta de dwa e minen yon priyorite enpòtan Lètazini te tabli pou l kowopere ak Gwatemala pou ranfòse gouvènans demokratik.”

Lèzetazini pran angajman pou l apiye lit Gwatemala ap mennen kont koripsyon andemik avèk enpinite –sa ki reprezante yon pa nesesè nan direksyon anvi plen pwosperite ak sekirite ke pèp Gwatemala a merite. Yon Chwa onèt e transparan jij Tribinal Konstitisyonèl la se yon bagay ki enpòtan anpil-anpil pou entegrite enstitisyon demokratik yo nan Gwatemala.

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG