Accessibility links

Breaking News

Dwa inaliénables e poukisa yo egziste


Komite a nan senk prezante travay yo, bouyon an premye nan Deklarasyon Endepandans lan, nan mwa jen 1776, ki soti nan 1819 penti John Trumbull la.

Next, an editorial reflecting the views of the United States Government:

Nan deklarasyon endepandans Lèzetazini an, Pè Fondatè yo te defini dwa innalyenab yo kòm dwa ki gen ladan yo “lavi, libète avèk dwa pou moun chache le bonè.” Yo konsidere dwa sa yo “kòm dwa tout moun posede e, an gwo, kòm sa nou vle di jounen jodi a lè n ap pale de dwazimen”. Se deklarasyon Peter Berkowitz, direktèPèsonèl pou Planifiikasyon Politik nan Depatman Deta a.

Misye Berkowitz ajoute: “Dwa sa yo pa pwoteje Ameriken ki Ozetazini sèlman, men yo fòme baz pou yon politik etranjè moral andeyò peyi a.”

“Nou te aksepte obligasyon pou n defann dwa sa yo an 1948 lè nou te pran tèt efò ki t ap fèt nan Nasyon Zini pou adopsyon Deklarasyon Inivèsèl Dwamoun nan. Te genyen prezidan nan tou le 2 pati yo ki tounen chanpyon nan defann dwamoun yo. Epi, pami angajman ki sèvi kòm baz fondasyon Lezetazini, gen respèpou diyite ki fè pati dwa tout kretyen vivan.”

Diektè Berkowith kontinye pou l di sa genyen yon lane, Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, te òganize rankont Komisyon sou Dwa Innalyenab yo avèk yon misyon trèpresi:

“Sekretè Pompeo te mande manm Komisyon an pou yo mennen ankèt, pou yo rekonekte angajman solid Lèzetazini vizavi dwamoun ak politik etranjè peyi a, rekonekte angajman sa a ak dokiman ki lye ak fondasyon peyi a –ki se Deklarasyon Endepandans la ak Konstitisyon Amerikèn nan, nan tradisyon Konstitisyonèl Lezetazini an, epitou pou ede nou konprann angajman solid Lèzetazini vizavi dwamoun parapò ak sa ki di nan Deklarasyon Inivèsèl Dwamoun ke nou te siyen an 1948.”

Dapre Direktè Berkowitz toujou, Dwa Innanyelab yo afekte dirèkteman relasyon Lèzetazini avèk chak peyi separeman.

"Nou wè sa, pa egzanp, nan fason repete Sekretè Deta Pompeo te kondane anprizonnman mizilman Oughour yo nan kan detansyon chinwa yo. Nou te wèsa nan ane 80 yo, lè Ronald Reagan t ap pote flanbo dwazimen disidan ke Linyon Sovyetik te mete nan prison nan goulag yo, yon zak kriyèl. Nou tande sa tou lèadministrasyon ki la jodi a te konfwonte Repiblik Islamik Iran an ki, li menm tou, ap kraze so pwòp sitwayen l yo.

Direktè Berkowitz atire atansyon sou le fèt ke, menmsi “san di pètèt, dwamoun pa reprezante totalman politik etranjèLèzetazini”, yo reprezante “yon eleman esansyèl, yon pati vital nan melanj ki fòme politik etranjè Lezetazini.”

XS
SM
MD
LG