Accessibility links

Breaking News

Lyen d Afeksyon ant Lèzetazini ak Ayiti


Ayisyen ki chita sou bò yon lari akote yon logo USAID.
Ayisyen ki chita sou bò yon lari akote yon logo USAID.

Men yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman ameriken an:

Enstabilite politik e sosyal ki blayi sou Ayiti depi kèk mwa vin ajoute sou yon seri pwoblèm ki la depi lontan deja e k ap trakase anviwon 11 milyon moun k ap viv nan peyi ki pi pòv nan Emisfè Oksidantal la.

Sitiyasyon eksplozif sa a, ki mache ak vyolans pafwa, reprezante yon defi; men Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal (USAID) kontinye efò l ap fè pou l ede bati yon Ayiti ki stab e ki genyen yon ekonomi vyab.

John Barsa, Asistan Administratè USAID pou Amerik Latin ak Karayib, deklare:
“Lyen d’afeksyon ki egziste ant Lèzetazini ak pèp ayisyen an se lyen ki solid e yo pa p disparèt. Konsa nou va toujou fè tout sa n kapab ant peyi e peyi pou n ede pèp ayisyen an.”

Pou USAID te reponn devan ensekirite alimantè tèrib ki egziste ann Ayiti a, li te pote yon kontribisyon plis pase 26 milyon dola an pwogram asistans manje dijans pandan 2 zan ki pase yo.

Asistans sa a te gen ladan l yon pwovizyon 4 mil 600 tòn metrik èd manje rapid an pwodui alimantè pou satisfè bezwen manje ijan anviwon 200 mil ayisyen vilnerab.

An plis èd imanitè a, asistans Lèzetazini pou Ayiti santre sou efò pou ankouraje rekonstriksyon ak devlopman alontèm, kwasans ekonomik, kreyasyon travay avèk devlopman agrikòl.

Yon lòt objektif asistans sa a se ofri swensante de baz ak pen lenstriksyon an epi amelyore efikasite gouvènman an. Jounen jodi a USAID ap mete plis aksan toujou sou travay l ap fè avèk sektè prive a pou fasilite reyalizasyon objektif sa yo.

John Barsa, Asistan Administratè USAID pou Amerik Latin ak Karayib la, sjoute:
“Si nou antann nou pou n rekonèt se pa wòl gouvènman an pou l kreye travay, men se pito wòl sektè prive a, kijan nou kapab sèvi kòm yon facilitatè pou envestisman sektè pive a? Anvan pou sa rive fèt okenn kote nan lemond e tou espesyalman ann Ayiti, sektè prive a dwe santi l nan yon peyi ki gen sekirite pou l ka envesti e fè biznis. Ou pa kapab fè travay devlopman si w pa genyen yon sosyete sivil ki stab ak yon anviwonnman ki ofri sekirite pou biznis.”

Sa ki te yon editoryal reflete ideyal ameriken yo ak enstitisyon yo.

XS
SM
MD
LG