Accessibility links

Breaking News

Etazini Ap Voye Èd Ijan Pou Ayiti


Kounyea, Yon Editoryal ki Reflete Opinyon Gouvènman Etazini an:

Lè yon kokenn goudou-goudou te frape Ayiti an Janvye 2010, e pran lavi plis pase 150-mil moun yon fason trajik, imedyatman Etazini te moute yon reponn ann ijans, kote li te depeche ekip rechèch ak sovtaj ak pèsonèl medikal ansanm ak plizyè santèn tòn manje ann ijans ansanm ak dlo, materyèl pou swen medikal ak ijyèn, ak abri tanporè.

14 Daout 2021, yon lòt kokenn tranblemanntè frape Ayiti, ki lakoz anpil mò, blese, ak destriksyon, e ankò Etazini te ofri sipò imedyatman pou moun Ayiti.

Nan sa ki deja yon defi pou pèp ayisyen an, mwen tris devan goudou-goudou a ki devaste yon bò nan peyi a, ki te fèt nan Saint Louis du Sud ann Ayiti nan maten. Nou voye kondoleyans pwofon nou bay tout moun ki pèdi moun pwòch yo oubyen ki te wè kay yo ak biznis yo detwi. Mwen te otorize yon repons Etazini touswit e te nonmen administratè USAID Samantha Power kòm otorite ameriken wo-plase pou òganize efò sa-a," pawòl Prezidan Joe Biden.

"N-ap sèvi ak USAID pou n sipòte travay k ap fèt sou dega yo e pote asistans pa nou nan efò pou pran swen blese-yo e pran ka moun ki bezwen rebati kay yo. Etazini rete yon zanmi pwòch ki kenbe ak pèp ayisyen an depi lontan, e n ap la apre trajedi sa a."

Ayiti nan zòn dezas natirèl, kit se siklòn kit se tranblemanntè. Se ak konsiderasyon sa-a USAID te

koumanse sipòte Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon, ansanm ak Pwogram Alimantè Mondyal l-ONU an pou tabli depo materyèl sekou ak manje pou nenpòt lè gen dezas, e devlope kapasite anplwaye yo nan Gouvènman Ayiti a pou yo jere enstalasyon yo e deplwaye materyèl yo lè sa nesesè. Sa vle di lè dezas frape Ayiti, gen materyèl pou sove lavi ki deja la e ki pare pou distribisyon imedyatman nan popilasyon ki pran frap yo.

Sajès ki gen nan desizyon sa a te parèt apre tranblemanntè a lè patnè USAID yo te ka koumanse distribye byen vit materyèl sekou pou sove lavi. Anplis, USAID te deplwaye yon Ekip Repons pou Asistans nan Dezas, ki gen ti non ann angle DART, anvan 24 è. 16 Daout pou pita, sou demann Gouvènman Ayiti a, USAID te deplwaye yon ekip Rechèch ak Sovtaj pou Lavil, ki byen fòme, ki kounye a sou teren an kote l ap mennen operasyon rechèch ak sovtaj nan kad DART la e nan tèt ansanm ak Ayisyen ki sou teren an.

USAID ap resevwa tou sipò Depatman Defans Etazini, Kòmandman Sid ki se yon branch lame Etazini an, ak Gad

Kot Etazini, k ap transpòte pèsonèl DART nan zòn dezas la ak nan zòn alantou yo, e transpòte ayisyen ki blese yo kote pou yo jwenn tretman.

Sete yon Editoryal ki Reflete Opinyon Gouvènman Etazini an

XS
SM
MD
LG