Accessibility links

Breaking News

“Etazini Apiye Demokrasi pou Venezyela "


Sa se yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

Etazini bat bravo pou akò Asanble Nasyonal demokratikman eli ane 2015 la jwenn pou pwolonje manda li pou yon lot ane ankò, ak Juan Guaido kòm prezidan pa enterim. Etazini kontinye rekonèt otorite Asanble Nasyonal 2015 la kòm dènye enstitisyon demokratik peyi Venezyela genyen.

Rejim Nicolas Maduro a gen abitid komèt zak represyon politik, abi dwa moun epi mete baboukèt nan bouch akte politik ak sosyete sivil yo ki gen konsekans sou libète ekspresyon yo. Sa volè tou dwa pèp Venezyelyen an ta dwe genyen pou'l dirije tèt li yon fason demokratik.

"Nou apiye jefò ... pou tabli lod demokratik ak yon eta de dwa nan Venezyela," pot pawòl Depatman d'Eta Ned Price deklare. "Nou lanse apèl bay Nicolas Maduro pou'l re-angaje nan negosyasyon Meksik yo ak bonn volonte e pou benefis pèp Venezyelyen an," Misye Price ajoute.

"Nou pral kontinye travay ak divès patnè Venezyelyen ak entènasyonal epi sevi ak tout zouti diplomatik ak ekonomik nou genyen a la dispozisyon nou pou mete presyon sou rejim Maduro a pou'l lage tout moun li arete pou rezon politik, respekte endepandans pati politik yo, respekte libète ekspresyon ak lòt dwa moun inivèsel yo. Nou mande pou'l sispann abi dwa moun yo." Met sou sa, Etazini pral kontinye travay ak manm kominote entènasyonal la pou mete presyon sou Venezyela pou'l kreye kondisyon ki pèmèt eleksyon lib e onèt dewoule nan peyi a.

Etazini apiye tou jefò kap fèt pou soulaje soufrans pèp Venezyelyen an epi mete yon fen ann kriz imanitè yo. Depi ane 2017, Etazini dispoze plis pase $1,9 milya dola asistans imanitè, ekonomik, devlopman ak sante pou ede Venezyelyen kap viv nan peyi a ak sa yo ki kouri kite peyi a pou y'al viv lòt kote nan rejyon an.

Etazini pral kontinye apiye pèp Venezyelyen an ak tout fòs li, pandan yap travay pou retabli yon fason pasifik demokrasi lakay yo atravè eleksyon lib e onèt.

Sete yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG