Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Alye l yo Mete Sanksyon Sou Otorite Chinwa yo Poutèt Aksyon yo nan XINJIANG


Men yon editoryal ki pral prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Etazini gen detèminasyon pou l ankouraje otorite yo pran responsablite pou abi dwa moun nan Xinjiang, nan peyi la Chin. Pou sa, e nan tèt ansanm ak Inyon Ewòp la, Grand Bretay ak Kanada, Etazini anonse sanksyon kont otorite nan Repiblik Popilè Chinwa a poutèt abi grav kont dwa moun nan Xinjiang.

Abi LaChin komèt nan Xinjiang, antwòt mete yon bann ak yon pakèt moun nan kan prizonye, travo fòse, esterilizasyon palafòs pou moun pa ka fè pitit, restriksyon sevè sou libète relijyon oubyen sou kwayans, ak restriksyon sevè sou Ouïghours yo pou anpeche yo ni pale lang yo ni ekzèse idantite kiltirèl yo.

"Pandan gen kondanasyon entènasyonal k ap ogmante, Repiblik Popilè Chinwa a (RPC) kontinye ap komèt masak pa bann e pa pakèt ak krim kont limanite nan Xinjiang," se sa ki soti anba plim Sekretè Deta Etazini an Anthony Blinken nan yon deklarasyon. Delarasyon an kontinye pou l di, n ap site "Etazini relanse apèl li pou RPC mete fen nan represyon k ap fèt sou Ouïghours yo, ki se Mizilman an majorite, ak manm lòt minorite gwoup etnik ak relijye nan Xinjiang, pandan l ap mande antwòt liberasyon tout moun sa yo ki fèmen san rezon nan kan prizonye ak prizon òdinè."

Dapre pwogram sanksyon Mondyal Magnitsky a, Etazini deziye 2 otorite chinwa, n ap site "an koneksyon ak abi grav ke Repiblik Popilè Chinwa a ap komèt nan Xinjiang," fen sitasyon - se sa ki ekri nan deklarasyon Sekretè Deta Blinken nan. Otorite sa yo se Wang Junzheng, Sekretè Komite Kò Pwodiksyon ak Konstriksyon nan Pati a, ak Chen Mingguo, ki se Direktè Biwo Sekirite Piblik nan Xinjiang. Deziyasyon sa a vle di ke nenpòt byen moun sa yo ki vin nan Etazini oubyen ki deja la, yo anba sekestrasyon, e Ameriken pa gen dwa fè tranzaksyon ak moun sa yo.

Etazini pran aksyon sa a an solidarite ak aksyon patnè li yo nan Inyon Ewòp la, nan Grand Bretay ak Kanada, ki enpoze sanksyon sou menm moun sa yo ak lòt ankò.

Nan yon deklarasyon an komen, minis afè etranjè Grand Bretay, Kanada, ak Etazini fè konnen sanksyon ke yo pran ansanm yo, pandan Inyon Ewòp la pran aksyon pa l, n ap site: sa "voye yon mesaj klè sou vyolasyon dwa moun ak abi k ap fèt nan Xinjiang." Fen sitasyon. Yo lanse apèl pou mande LaChin mete fen nan pratik represyon li yo e kite anketè endepandan ki soti nan Nasyon Zini, ak jounalis ak diplomat etranje antre san okenn baryè nan rejyon an.

"N ap kontinye kanpe ansanm pou n fikse yon gwo limyè sou vyolasyon dwa moun k ap fèt nan LaChin," se minis yo ki ekri konsa nan deklarasyon yo. E yo ajoute , n ap site "Nou kanpe ansanm pou nou mande jistis pou moun k ap soufri nan Xinjiang yo."

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG