Accessibility links

Breaking News

Etazini te denonse pratik koripsyon Lachin itilize pou eksplwate resous natirèl yo


Men yon editoryal k ap ban nou opinyon gouvènman ameriken an.

Lèzetazini denonse pratik envestisman kowonpi ke Repiblik Popilè Lachin itilize pou l eksplwate resous netirèl peyi tou patou sou latè, pami yo genyen Kanbòdj.

Pwogram rekonpans pou jistis depatman deta Etazini an ap ofri yon prim anviwon 5 milyon dola pou enfòmasyon ki debouche sou idantifikasyon ak lokalizasyon Adnan Abdu Walid Al- Sahwari ke moun konnen tou sou non Abu WAlid. Li se yon lidè enpòtan nan òganizasyon teworis Eta Islamik kap opere nan rejyon Sahara a . Moun konnen òganizasyon sa a anba akwonim anglè ISIS-GS.

Gwoup teworis sa a te fè sifas lè Abu Walid ak patizan li yo te vire do bay gwoup disidan Al-Qaida yo rele Al- Mourabi toun.gwoup eta islamik reyon Sahara a gen baz prensipal li nan Mali, yon kote ki bay sou fwontyè peyi a pataje ak Nijèr.

Li pwoklame lwayote l anvè gwoup eta islamik la depi mwa me 2015. Gwoup latèrè sa a lanse, sou lobedyans Abu Walid, tout yon seri atak, pami yo yon atanta nan dat 4 oktòb 2017 sou yon patwouy konjwen peyi Nijerya ak Etazini bò fwonyè Nijèr pataje ak Mali, yon atak ki te touye 4 sòlda ameriken ak 4 sòlda nijeryan.

Nan dat 16 me 2018, depatman deta Etazini an te mete non Abu Walis nan yon lis espesyal pou teworis mondyal konfòmeman ak dekrè 13 224 la.

Anmètan tou , Etazini te deziye gwoup eta islamik zòn Sahara a kòm yon òganizasyon teworis etranje, nan kad seksyon 219 lwa sou imigrasyon ak natiralizasyon an. Pwogram rekonpans pou jistis, se yon pwogram ki sou kontwòl sèvis sekirite diplomatik depatman deta a.

Depi yo te kreye pwogram sa a an 1984, li deja vèse yon sòm ki depase 150 milyon dola bay plis pase 100 moun ki founi ransèyman itil ki ede nan trennen teworis devan lajistis oubyen dejwe zak latèrè entènasyonal sou tout planèt la.

Si nenpòt ki moun ta genyen plis enfòmasyon sou Abu Walid Al-Sahrawi, kontakte sit entènèt pwogram rekonpans pou jistis la ki se WWW. REWATDSFORJUSTICE.NET oubyen voye yon kourye elektwonik nan adrès sa a: INFO@REWATDSFORJUSTICE.NET oubyen pran kontak ak ajan sekirite rejyonal nan anbasad oubyen nan konsila Etazini ki pi pre a. Tout enfòmasyon nou jwen pral rete totalman konfidansyèl

Sete yon editoryal ki t ap ban nou opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG