Men yon editoryal ki pral prezante opinyon gouvènman ameriken an.
Guatemala, Onduras, ak Salvadò ap konfwonte defi ki se vyolans, koripsyon, ak kwasans ekonomik limite, ki deklannche yon vag migrasyon ke moun pa konn wè, kote moun ap kite peyi sa yo pou antre Etazini.
Anplis, tou le 3 peyi sa yo plase nan sa ki rele "koridò sèk" la, yon rejyon forè twopikal nan tè sèk sou Kot Pasifik Amerik Santral la, ki frajil anpil nan chanjman klima a, e nan mwa Novanm ane pase, Gwatemala ak Onduras te pran 2 kokenn siklòn youn apre lòt, an palan de Eta ak Iota. Evènman sa yo te kontribye nan pèt grav pou plizyè milyon fanmi e te devaste sektè agrikilti a, espesyalman ti jaden ke moun yo fè pou yo siviv, bagay ki lage yo nan plis ensekirite alimantè.
USAID ap founi apeprè 112 milyon dola èd imanitè pou sove lavi, nan bay asistans manje, fòtifyan, bon dlo pou bwè, abri, pwogram ki pwodui revni, ak efò pou redui risk pou dezas nan tou le 3 peyi yo. Anplis, ant Ane Fiskal 2018 pou rive 2020, Biwo Popilasyon, Refijye, ak Migrasyon nan Depatman Deta te founi 248 milyon dola asistans imanitè pou Meksik ak Amerik Santral kòm repons pou abòde pwoblèm refijye, moun k ap chache azil, moun ki kouri kite kay yo men rete nan peyi yo, ak migran ki frajil, antwòt pou fè fas ak COVID-19 nan ane fiskal 2020 an. Nan èd sa a, preske 85 milyon dola al sipòte aktivite nan Salvadò, Gwatemala, ak Onduras.
Anplis, USAID deplwaye yon Ekip Repons pou Asistans nan Dezas, pou rejyon an. Ekip ekspè elit sa a pwal evalye dega, idantifye sa moun yo plis bezwen, epi travay ansanm ak patnè e ak otorite lokal yo, e bay èd ke fanmi ak kominote ki sibi anba kriz nan peyi sa yo, bezwen ann ijans.
Asistans imanitè ke gouvènman Etazini an bay, an pasan pa USAID ak Depatman Deta, li ajoute sou pwogram devlopman solid e pou lontan, ke Etazini mete nan rejyon an. Jan de pwogram sa yo fèt pou abòde koz ki nan baz migrasyon ke moun pa konn wè a, ak deplasman moun ki kite kay yo men ki rete nan peyi yo, nan Salvadò, Gwatemala, ak Onduras. Nan kad pwogram sa yo, USAID travay ak gouvènman yo, ak sosyete sivil e ak sektè prive nan rejyon an pou ogmante opòtinite ekonomik, ranfòse gouvènans ak sekirite, epi bati kapasite pou moun nan rejyon an ka reziste pi byen nan chanjman klima a.
Ede moun ki nan bezwen, se yon aksyon esansyèl nan kilti Ameriken, e Etazini rete angaje pou ede moun Gwatemala, Onduras, ak Salvadò amelyore kondisyon lavi yo pou yo ka òganize tèt yo ak plis konfyans nan peyi yo.
Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.