Accessibility links

Breaking News

Ijan Lèzetazini Fè Pwomosyon Pou Dwamoun Aletranje


Sa nou pral tande la a, se yon editoryal ki ban nou opinyon gouvènman ameriken an.

Angajman Lèzetazini pran vizavi dwamoun inalyenab yo (dwa pèsonn pa ta dwe wete nan men pèsonn) pwouve ke peyi a reprezante yon limyè despwa pou tout gason, pou tout fanm aletranje k ap cache jwi pwòp libète yo.

Rapò sou Komisyon Dwa Inalyenab yo ki te parèt sa pa gen lontan, ensiste sou enpòtans nesesite pou lidè ameriken yo pran tèt defans dwa sa yo kòm yon prensip k ap gide politik etranje Lèzetazini. Se deklarasyon Peter Berkowitz, direktè planifikasyon politik nan Depatman Deta a, ki ajoute:

“Kòm yon minimòm, li enpòtan pou lidè nou yo pale avèk fòs de konviksyon Lèzetazini ki anrasinen nan Deklarasyon Endepandans Amerikèn nan, ki anrasinen nan fòm gouvènman ameriken an, ki fè konprann ke tout pouvwa politik lejitim gen sous li nan konsantman sitwayen gouvenman an ap dirije yo. E premye objektif yon gouvènman se pou li garanti egzèsis dwa tout moun genyen depi yo pran nesans. Devwa pou defann dwa sa a fè pati esansyèl politik etranjè Lèzetazini.

Daprè Misye Berkowitz toujou, rapò komisyon an jwenn tou ke Lèzetazini kapab fè yon travay ki pi efikas nan defann dwazimen yo aletranje lè li pwoteje menm dwa sa yo lakay li. E finalman, dwazimen se yon bagay moun dwe kiltive nan lasosyete, yon fason pou sa fin pa anrasinen nan kilti politik la, toujou selon Direktè Berkowitz ki ajoute:

“Pwoteksyon dwamoun, bon jan defans dwazimen, se pa yon aksyon moun poze otomatikman. Yo merite pou moun kiltive yo. Kijan moun ka kiltive respè pou dwamoun yo? Yo kiltive yo nan lafami, nan kominote yo, nan sistèm edikatif la, nan yon sèten tip kilti politik piblik ki fè koule nan san sitwayen yo yon sèten sansiblite ki aprann yo respekte dwa tout moun genyen depi yo te ne.”

Direktè Berkowitz ensiste pou l di “pou pwomosyon respè pou dwamoun aletranje reyisi, li enpòtan anpil pou nou santre atansyon nou non sèlman sou Deklarasyon Endepandans la, men tou sou Deklarasyon Inivèsèl Dwamoun nan, yon fason pou nou jwenn yon ti nwayo dwa fondamantal yo ki kapab sèvi kòm prensip ki gide tout òm politik, tout fanm politik tout kote.”

Sete yon editoryal ki t ap ban nou opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG