Accessibility links

Breaking News

Inisyativ Tou Nèf Lèzetazini Avèk Pakistan Nan Domèn Sante A


Men yon editoryal ki pral prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Lèzetazini avèk Pakistan lanse 2 inisyativ pou yo amelyore sekirite nan domèn sante a epi suiv evolisyon kèk maladi nan Pakistan. Youn nan inisyativ sa yo entwodui yon nouvo metòd pou evalye sekirite ak efikasiste medikaman, tandiske lòt la pral ranfòse kapasite peyi a pou l suiv pwopagasyon maladi enfektyez yo.

Nan kòmansman mwa desanm pase a, Biwo Jesyon Afè Medikaman nan Pakistan, nan kad yon patenarya avèk Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal (USAID), te bay detay piblik sou yon nouvo platfòm pou suiv evolisyon nouvo medikaman yo nan nivo devlopman yo ak demach pou apwouve itilizasyon yo. Platfòm sa a, ki rele Sistèm Jesyon Enfòmasyon Entegre Pakistanè, pral ede konpayi pakistanèz yo aplike fasilmman pou pèmisyon pou yo pwodui medikaman, an menm tan ke y ap pote sou mache a medikaman ki ofri sekirite ak efikasite pi rapidman e pou pri ki pi abodab. Yo kreye pwogram sa a tou pou pèmèt Pakistan konfòme l ak prensip entènasyonal ki jere domèn pwodui famasetik la, pandan peyi sa a ap ogmante patisipasyon li sou mache entènasyonal la.

Otorite yo nan gouvènman Lezetazini ak Pakistan te anonse tou lansman yon seri de Biwo Kap suiv Evolisyon Maladi nan 150 komin, yon fason pou ranfòse kapasite responsab lasante yo pou yo suiv pwopagasyon malad enfektyez yo, tankou KOVID-19, atravè tout tèritwa pakistanè a.

Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal apiye fòmasyon pou ekip repons dijans k ap travay avèk Inite de Suivi yo sou fason pou yo remonte filyè a epi idantifye moun ki te an kontak ak nouvo ka KOVID-19 yo. Ekip sa yo resevwa fòmasyon tou pou yo itilize kèk done pou yo idantifye zòn kote KOVID-19 la konsantre nan komin yo, sa ki pral amelyore kowòdinasyon an tan reyèl ant komin yo ak biwo pwovensyal yo.

Asistan Spesyal Premye Minis Pakistanè a pou Kesyon Sante, Doktè Faisal Sultan, pale de rekonesans li pou gouvènman ameriken an, e li rekonèt ke apui sa a pral pèmèt Pakistan kouvri yon bon distans sou wout enstitisyonalizasyon sistèm entegre siveyans maladi a nan peyi a. Lèzetazini ak Pakistan okipe yon plas devan nan efò k ap fèt nan domèn nan, non sèlman atravè wòl lidè nou jwe nan inisyativ entènasyonal tankou Ajanda pou Sekirite nan Sante Global (ASSG), men tou nan travay nou reyalize ansanm nan kominote yo anndan peyi a.

Direktris Misyon USAID a, Julie Koenen deklare:

“Posiblite pou nou suiv de prè menas ki poze nan domèn sante piblik la, tankou KOVID-19, pou nou detekte yo epi chache resoud yo rapidman, se yon bagay ki enpòtan anpl-anpil. Sa enspire asosyasyon nou avèk Gouvènman Pakistanè a pou nou tabli Inite Repons ak Siveyans Maladi yo nan Komin yo epi bay anviwon 30 mil travayè lasante kapasite pou yo reponn rapidman menas ki poze pou sante moun nan Pakistan.”

“Nou remèsye Gouvènman Pakistan an pou yon kolaborasyon k ap rapousuiv, pandan n ap fè fas ak defi ki mache ak travay pou nou makonen inite sa yo ak biwo pwovensyal, rejyonal ak nasyonal yo, swa yon travay pou nou pote resous ki esansyèl pou bloke pwopagasyon KOVID-19 la avèk lòt maladi enfektyez.”

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvenman ameriken an.

XS
SM
MD
LG