Accessibility links

Breaking News

Jou Souvni 2021


Men yon editoryal ki prezante ideal ak enstitisyon Etazini yo:

Jou ki fè dènye lendi mwa Me a, Ameriken onore manm fòs ame yo ki pèdi lavi yo nan sèvi peyi yo. Se yon okazyon pou n sonje sakrifis ke kèk grenn moun te fè nan benefis anpil lòt, se yon jan pou n rekonèt kontribisyon pa yo pou defann peyi a ak ideyal li yo.

Jou Souvni an, ke peyi a te premye obsève an 1868, kidonk 3 lane apre finisman Gè Sivil Etazini an, li pa la pou rekonèt anivèsè okenn batay ni menm yon gè, men pito li fèt pou ekzòte sitwayen yo pou yo sonje sakrifis sa yo ki tonbe yo e k ap repoze nan dènye demè yo nan pwòp bouk kote yo te moun nan, e pou onore sa yo ki mouri nan lagè, kote nou dekore tonb yo ak flè ak riban. Nan jou kote peyi a te premye obsève li a, yon afè 5-mil moun te dekore tonm 20-mil solda Gè Sivil la ke yo te antere nan Simityè Nasyonal Arlington nan Washington DC, kèlkeswa kan ke yo te chwazi nan gè a. Okazyon an tounen yon tradisyon ki gaye nan tout nasyon an.

Jodia, vil ak bouk nan tout peyi a selebre Jou Souvni an ak parad ki gen sòlda ak manm òganizasyon veteran, kidonk ansyen konbatan. Moun vizite simityè ak moniman. E kèk moun pote yon ti flè poppy pou yo fè sonje moun ki mouri nan lagè. Tradisyon sa a te tanmen pandan Premyè Gè Mondyal la ak yon powèm ke yon sòlda te ekri nan memwa yon zanmi ki te mouri nan Ypres, an Bèljik nan koumansman mwa Me 1915, menm lè poppy wouj vif te koumanse fleri nan jaden yo ak nan gran espas vè yo, e sou tonm moun ki tonbe yo.

E konsa, chak Jou Souvni, sa ke yo rele ann angle Memorial Day, nou wè ti drapo ak bouke flè chaje ak koulè parèt sou tèt tonm ak sou plak souvni nan simityè tout kote nan peyi a, kòm dekorasyon sou tonm ewo militè yo. E ti poppi wouj devan rad oubyen nan boutonyè rad reprezante solda ki mouri pandan yo t ap pwoteje peyi yo a ak prensip l ap defann. Yo mouri pandan yo t ap defann fason nou viv, e onè ki vini pou yo nan sakrifis yo te fè a ap rete bò kote yo pou tout tan k ap vini.

Sete yon editoryal ki prezante ideyal ak enstitisyon Etazini yo.

XS
SM
MD
LG