Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Mete Sanksyon Sou Envestisman Mechan Lachin Ak Fè Nan Kanbòdj


Men yon editoryal k ap ban nou opinyon gouvènman ameriken an.

Lèzetazini denonse pratik envestisman kowonpi ke Repiblik Popilè Lachin itilize pou l eksplwate resous netirèl peyi tou patou sou latè, pami yo genyen Kanbòdj.

Biwo Kontwòl Avwa Etranje a nan Depatman Trezò Ameriken an (abreje anglè OFAC) lonje dwet sou yon te ke Leta Chinwa posede e ki rele Gwoup Sendika Devlopman (abreje anglè UDG) poutèt li sezi e li demoli lokal biwo kanbodyen yo te genyen pou yo konstwi Pwojè Devlopman Dara Sakor la. UDG tonbe anba sanksyon daprè dispozisyon Dekrè Prezidansyèl 13818 la, ki ranfòse e aplike Lwa Magnitsky Global sou Respè Dwamoun nan e ki vize tout sila yo ki komèt abidwamoun ak zak koripsyon grav, ansanm avèk sipòtè yo.

Yon pati nan tè UDG te posede te rive jous nan Pak Nasyonal Botum Sakor la, yon rejyon netirèl pwoteje ke moun kapab achte sèlman gras ak yon dekrè wayal kanbodyen. Pou UDG te vin posede tè sa a, li te enskri kòm yon konpayi ke sitwayen kanbodyen te posede, avèk yon sitwayen kanbodyen nan tèt li; men 3 zan aprè UDG te fin gen tè a, li te tounen yon pwopriyete ke chinwa posede, ke chinwa ap opere san UDG pa sibi okenn konsekans pou sa.

Repiblik Popilè Lachin itilize divès pwojè UDG nan Kanbòdj pou l reyalize anbisyon mondyal li. Aktivite ke UDG finanse oblije kanbodyen yo kite tè yo; aktivite sa yo devaste anviwonnman an, yo fè gwo dega nan mitan popilasyon bèt ak plantasyon kominote lokal yo; yo komèt tout zak sa yo sou pretèks ke y ap fè Kanbòdj tounen yon sant lojistik rejyonal e yon destinasyon touristik. Tankou sa rive twò souvan avèk swadizan inisyativ devlopman “Yon Destinasyon-Yon Otowout” Peken an, aktivite sa yo pote pou Lachin benefis ki depase limit, benefis ki ta dwe al jwenn pèp kanbodyen an.

Lame kanbodyèn nan, ki mete ansanm ak yon ansyen ofisye siperyè li, Kun Kim, anplwaye lafòs pou l jwenn teren pou l prepare anplasman pou pwojè Dara Sakor la. Kim te jwe yon wòl kle nan devlopman UDG; konsa li benefisye bon jan avantaj gras ak relasyon li avèk UDG. Konsèy dè Minis Kanbòdj la te pase lòd bay UDG pou l sispann detwi pwopriyete pèyizan yo; men UDG pa okipe lòd sa a e li kontinye komèt destriksyon. Anvan sa, Lèzetazini te denonse Kim pou wòl li nan zak koripsyon daprè aplikasyon pwogram sanksyon Lwa Magnitsky Global la an desanm 2019.

Lèzetazini pral kontinye pran dispozisyon pou l denonse envestisman Repiblik Popilè Lachin ki pote eksplwatasyon nan Kanbòdj ak lòt kote, menm jan Lèzetazini pral kontinye kanpe bò kote patnè avèk alye li yo nan rejyon Azi Sidès la.

Sete yon editoryal ki t ap ban nou opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG