Accessibility links

Breaking News

Laboratwa USAID pou Devlopman Global


Mark Green, USAID.
Mark Green, USAID.

Men yon editoryal k ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Sa gen 6 zan, Ajans Amerikèn pou Devlopman Entenasyonal (USAID) te lanse Laboratwa pou Devlopman Global la. Objektif estrikti innovate sa a se mete fen nan povrete ekstrèm gras ak yon aplikasyon san rete lasyans, teknoloji. inovasyon avek patenarya. Direktè egzekitif Biwo Laboratwa pou Devlopman Global la, Harry Bader, deklare:

“Laboratwa a se yon antite ki la non pa pou egzekite pwogram yo, men pou jwenn mwayen pou ameryore pwogram yo, pou fè yo vin pi efikas e fe yo rann pi bon kont non sèlman ak kontribyab ameriken yo, men tou ak sila yo ki benefisye de entenvansyon ki fèt pou pote devlopman yo."

Direkte egzekitif Harry Bader ajoute:

“Nou reprezante tout sektè ak tout rejyon ki fè pati devlopman entènasyonal kote USAID, ansanm avèk patnè entènasyonal nou yo ap travay. Epi konsa laboratwa a enplike nan travay ki fèt ak lasyans e ki ouvri inovasyon ak teknoloji dijital atravè yon seri de objektif pou devlopman, kit se pou rezoud pwoblèm salte ak maladi, povrete ekstrèm, ak afè pa konn li, pa konn ekri, travay an favè demokrasi, ogmante nivo tolerans pou divèsite atravè lemond epi bati òganizasyon ki ka konstrui nan sosyete sivil la.

Laboratwa a se yon sant inovasyon pou USAID tout antye. Direktè Egzekitif Bader di:

“Nou fikse atansyon nou sou rechèch primè yo gras ak yon patenarya ki rasanble plis pase 100 inivèsitie diferan atravè lemond antye.”

Se deklarasyon Direktè Bader ki ajoute:

“Nou konprann ke ajans nou an pou kont li pa gen repons pou kesyon yon imanite ki plen pwoblèm ni pou devlopman li. Konsa, sa nou ta renmen fè, se ranfòse kapasite rechèch konsosyòm sa a ki gen plis pase 100 manm nan lemond epi aplike l pou rezoud kèk pwoblèm ki trè reyèl.”

“Avèk pwogram kote tout patnè yo ap patisipe, avèk savan ameriken sa yo k ap travay ak kominote syantifik entènayonal la nan mond ki sou wout devlopman an, nou pral pote konkou nou pou n apiye patnè yo nan rechèch syantifik entènayonal la, yon fason pou yo kapab bati pwòp kapasite yo ak pwòp mwayen yo pou yo pote kontribisyon yo tou.

Finalman, gen yon pwogram modèl ki rele “Pwojè Konjwen pou Inovasyon nan Devlopman”, daprè Direktè Bader.

“Se yon sistèm wotatif kote nenpòt ki moun, sou nenpòt ki sijè ki sòti nenpòt ki lè e nenpòt kote nan lemond, kapab soumèt yon bòn ide. Epi lè sa a, laboratwa a pral travay avèk yo. Se yon pwosesis ki baze sou prèv, kote moun touche pou pèfòmans yo lè yo reyalize kèk bèl eksplwa, oubyen lè yo montre yo gen kapasite pou yo konstrui, pou yo bati yon patenarya ki pa tradisyonèl, yon fason pou yo chak reprezante yon patnè ki pote menm kontribisyon nan devlopman pwòp peyi yo oubyen devlopman lòt peyi.”

Direktè Harry Bader fini pa di:

“N ap avanse pandan n ap itilize zouti dijital yo, entèlijans atifisyèl, nouvo algoritm, sistèm pou fè rapò, elatriye, pou amelyore devlopmann entènasyonal, pou rann li mwens chè epi reyalize li pi rapidman.”

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG