Accessibility links

Breaking News

Lavwadlamerik Genyen 79 Van


Men yon editoryal k ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Jou 24 fevriye 2021 an, Lavwadlamerik ap selebre 79èm anivèsè premye emisyon li te mete nan lè a.

Nan fènwa premye jou yo pandan 2èm Gè Mondyal la, Gouvènman Lèzetazini an te fin pa konprann ke te gen yon bezwen pou l kontrekare pwopagann Nazi yo, e pou sa li te nesesè pou l te genyen pwòp rezo pa l ki ta ka bay nouvèl ak enfòmasyon kòrèk e san paspouki. Se konsa Lavwadlamerik te fonde le premye fevriye 1942, epi li ta pral prezante premye program li ki te dire 15 minit, nan lang alman an, nan dat 24 fevriye.

“ Vwa k ap pale avek nou la a sòti Ozetazini. Chak jou, nan lè sa a, nou pral ba w nouvèl sou Lèzetazini e sou lagè a. Nouvèl yo kapab bon, yo kapab pa bon. Nou va toujou di w laverite.”

Depi okòmansman, Lavwadlamerik te chache ofri yon fenèt ki pèmèt moun wè lavi amerikèn nan. An fèt, tankou lalwa mande sa a, VOA fèt pou l prezante nouvèl ki kòrèk, ki objektif e global; yon pwojeksyon ekilibre, global sou panse ak enstitisyon ameriken ki enpotan yo; ansanm avèk pwogram politik Lèzetazini.

Nan okazyon 20èm anivèsè Lavwadlamerik la, Prezidan John Kennedy te di: Lavwadlamerik genyen kòm devwa “pou l rakonte istwa Lèzetazini atravè lemond.”

Se yon travay ki ektrèmman difisil e sansib. Yon kote, ou se yon bra gouvènman an, kidonk ou se yon bra peyi a, e devwa w se prezante istwa nou atravè lemond yon fason ki sèvi pou reprezante demokrasi ak Lèzetazini sou aspe ki pi favorab yo.

Sepandan, yon lòt kote, kòm yon pati nan rezondèt libète, e kòm yon bra libète, ou gen obligasyon pou w rakonte istwa n nan yon fason ki di laverite, ou gen obligasyon pou w rakonte l –jan Oliver Cromwell te di sa lè l t ap pale de yon pòtrè li: “Se pou ou penn nou avèk tout enpèfeksyon e mankman nou, tout bagay sa yo ki konsène nou e ki petèt pa t èlman parèt imedyatman atiran.”

Epi konsa, pèp yo atravè lemond deja tande sou Lavwadlamerik tout gran evennman syèk la -pami yo gen yon kantite rekò 615 milyon moun ki te suiv debakman sou lalin nan le 20 jiyè 1969.

Tankou Depatman Deta a te di sa nan yon tweet le premye fevriye 2021 an: << Nan premye pwogram Lavwadlamerik la, li te di odite l yo: “Nouvèl yo kapab bon, yo kapab pa bon. Nou va toujou di w laverite.” Sòti nan premye pwogram sa a rive jodi a, Lavwadlamerik enfòme, kontakte e konekte moun atravè lemond pou l sipòte libète avèk demokrasi.>>

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvenman ameriken an.

XS
SM
MD
LG