Accessibility links

Breaking News

Lezetazini Reyafime Apui Li Pou Taywann


Nou pral tande yon editoryal ki prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Lèzetazini reyafime apui li pou Taywann devan aktivite plen menas ke lame chinwaz la ap mennen. Nan dat 23 ak 24 janvye pase a, Repiblik Popilè Lachin (RPCH) te voye divès avyon de gè bò kote Taywann e nan zòn idantifikasyon defans ayeryen il la.

Pòtpawòl Depatman Deta a, Ned Price, fè yon deklarasyon kote li di: “Lèzetazini pran nòt avèk preyokipasyon de abitid Repiblik Popilè Lachin pran pou l ap entimide vwazen li yo, pami yo genyen Taywann. Nou ankouraje Peken pou l sispann presyon militè, diplomatik ak ekonomik l ap mete sou Taywann nan epi, olye de sa, pou l antre nan yon bon jan dyalòg avèk reprezantan Taywann yo ki te eli demokratikman.”

Pandan 12 mwa ki pase yo, RPCH reyalize de plizanpli kèk sòti ayeryen tou pre Taywann; men se raman li te fè sa avèk tout gwo kantite avyon l ap itilize kounyela yo ni avèk tout fòs de frap sa a. Daprè Ministè Defans Taywann nan, gwoup avyon RPCH nan genyen pami yo avyon konba ak bonbadye ki kapab transpòte zam nikleyè.

Nan yon lòt aksyon pwovokasyon, sa pa gen lontan RPCH te pase yon lwa ki pèmèt gad kòt li kareman ouvri koutzam sou bato etranje k ap pase nan dlo ki an diskisyon nan Lanmè Sid Chin nan. Lachin raklame yon gwo pati nan Lanmè Sid Chin nan kòm yon pati nan tèritwa nasyonal li. Nan dat 27 janvye a, Gouvènman Filipin nan te soumèt yon plent diplomatik kont lwa sa a.

Nan dat 23 janvye a, yon gwoup pòtavyon ameriken ki te gen nan tèt yo USS Theodore Roosevelt, te antre nan Lanmè Sid Chin nan pou l te mennen kèk operasyon woutin, kote li t ap ankouraje libète sikilasyon sou lanmè. Vis Amiral Doug Verissimo, Kòmandan Potavyon de Frap Gwoup No. 9 la, deklare: “Alòske 2/3 tout komès mondyal la ap pase pa rejyon trè zenpòtan sa a, li vital ke nou kenbe prezans nou e kontinye ankouraje yon lòd ki baze sou prensip ak règleman e ki pèmèt nou tout pwospere.”

Pòtpawòl Depatman Deta a, Ned Price, fè konnen nan deklarasyon l nan: “Nou pral kanpe ak zanmi e alye nou yo pou n defann pwosperite, sekirite ak prensip nou pataje yo nan rejyon Endo-Pasifik la –e sa gen ladan l relasyon nou avèk Taywann demokratik la. Lèzetazini pral kontinye apiye yon solisyon pasifik pwoblèm ki lye ak sikilasyon nan Detwa a, ann akò avèk volonte epi pi bon enterè pèp Taywann nan.”

Pòtpawòl la ajoute: “Lèzetazini toujou kenbe angajman li te pran depi byen lontan, jan sa ekri nan 3 Kominike yo, Lwa sou Relasyon ak Taywann nan, epi 6 Asirans yo. Nou pral kontinye ede Taywann kenbe yon kapasite oto-defans ki sifizan. Angajman nou vizavi Taywann se yon angajman ki solid tankou fè e li kontibye nan gatanti lapè ak stabilite atravè Detwa Taywann nan e nan rejyon an.”

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG