Accessibility links

Breaking News

Lidè opozisyon yo kidnape nan Byelorisi


Sipòtè opozisyon yo patisipe nan yon rasanbleman kont britalite lapolis apre manifestasyon pou rejte rezilta eleksyon prezidansyèl yo nan Minsk, Byelorisi.
Sipòtè opozisyon yo patisipe nan yon rasanbleman kont britalite lapolis apre manifestasyon pou rejte rezilta eleksyon prezidansyèl yo nan Minsk, Byelorisi.

Nou envite w suiv yon editoryal k ap bay opinyon gouvènman ameriken an.

Dezòd politik ki egziste nan Peyi Belaris la depi reyeleksyon plen magouy ki te kenbe rejim diktatoryal Alexander Lukashenko a sou pouvwa a nan dat 9 daout ane pase a, se yon dezòd k ap kontinye. Manm opozisyon politik la nan Belaris te fòme Konsèy Kowòdinasyon Nasyonal la, oubyen KKN, pou l negosye avèk otorite Belaris yo sou òganizasyon eleksyon lib ak yon tranzisyon pouvwa a.

Olye rejim Lukashenko a pran yon angajman an tout bòn fwa vizavi pwosesis la, li lanse yon ankèt ki baze sou rezon politik kont Konsèy Kowòdinasyon Nasyonal la, epi li mete manm KKN nan nan prison, lè se pa fòse li fòse yo ale ann egzil oubyen li kidnape yo.

A la verite, Lezetazini genyen gwo enkyetid anpil akoz ensidan ki te pase 7 septanm 2020 an kote yo te kidnape yon manm konsèy la, Mariya Kelesnikava nan vil Minsk, kapital la, epi yo te oblije pòtpawòl la, Anton Rodnenkou, avèk Sekretè Egzekitif la, Ivan Kroutsou, kite peyi a nan dat 8 septanm nan. Maxim Znak ki, li menm tou, se yon manm Konsèy Kowòdinasyon Nasyonal la, te jwenn arestasyon li yon jou apre sa.

Lezetazini wete chapo devan kouraj Miss Kalesnikava ak tout pèp Belaris la poutèt yo reklame nan lapè dwa yo pou yo chwazi lidè yo nan eleksyon ki lib e onèt. Manifestan ki t ap pwoteste te gen pou yo fè fas ak yon vyolans e yon represyon brital anba men otorite gouvènman an –pami zak sa yo genyen gwo bastonad yo sibi plen jounen, mete sou plizyè milye arestasyon, san bliye yon bann ak yon pakèt moun ki viktim kidnapin –e kantite a pa sispann ogmante.

Depi dat premye septanm nan, etidyan inivèsite yo tonbe viktim anba atak fòs sekirite yo ki abiye tou de nwa, pandan figi yo kouvri avèk yon mask moun ki jwe ski abite mete. Yo poze lapat sou anpil nan etidyan sa yo pandan yo te nan lari epi yo mete yo nan minivann san plak.

An kolaborasyon avèk patnè e alye li yo, Lèzetazini ap anvizaje ki lòt sanksyon sible li kapab pran pou l ankouraje yon pwosesis kote yo fè sila yo ki anplike nan abi dwamoun ak zak krazezo nan Belaris peye pou zak sa yo. Nan yon deklarasyon Sekretè Deta Mike Pompeo fè, li di:

“Nap raple otorite yo nan Belaris responsablite yo genyen pou yo garanti sekirite Miss. Kalesnikava avèk tout lòt moun yo mete nan prison san rezon legal. Nou lanse yon apèl bay otorite Belaris yo pou nou mande yo mete fen nan vyolans y ap egzèse sou pwòp pèp yo ankò, pou yo lage tout moun yo mete nan prison enjisteman, pami yo genyen sitwayen ameriken Vitali Shkliarov, epi pou yo antre nan yon veritab dyalòg avèk vrè reprezantan sosyete Belaris la.”

Sete yon editoryal ki t ap ba nou opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG