Accessibility links

Breaking News

Maduro Pran Poz L Ap Byen Trete Opozan Yo Nan Venezuela


Men yon editoryal k ap ba nou opinyon gouvènman ameriken an.

Nan dat 31 out 2020, rejim ilejitim Nicolas Maduro a nan Venezuela te anonse li ta pral padone 100 moun sou kondisyon, pami yo gen kèk prizonye politik. Pami prizonye politik sa yo gen 50 ki te fèmen nan kacho, 37 te sou envestigasyon epi 23 lòt te deja an libète sou kondisyon.

Anvan liberasyon sa yo, rejim ilejitim nan te mete 386 militan politik nan kacho. Daprè Foro Panel, kounyela a gen 333 venezuelyen ki nan prizon san okenn rezon valab, eksepte ke yo se opozan yon rejim ilejitim ki gen nan tèt li yon prizidan ilejitim.

Sekretè Deta Mike Pompeo di sa nan yon deklarasyon:

“Eliminasyon akizasyon ki te sou do moun sa yo, se yon desizyon kondisyonèl e otorite yo menase pou yo remete akizasyon sa yo nan plas yo si nenpòt nan moun sa yo “rekòmanse poze nenpòt ki zak teworis, zak vyolans oubyen tantativ koudeta”, jan rejim nan gen dwa deside yon fason abitrè.“

Sekretè Deta Pompeo ekri:

“Pi fò lidè politik demokratik venezuelyen ki ale ann egzil yo pa p kapab retounen, paske yo byen konnen otorite yo kapab mete yo nan prizon imedyatman; garanti ki egziste pou sekirite yo se zewo. Otorite yo pa t elimine akizasyon ki sou do Depite Juan Requesens yo, e lòd pou mete l an rezidans siveye toujou rete an vigè. Nan menm jou yo te mete Requesens an libète a, manman yon depite nan Asanble Nasyonal la, Armando Armas, te jwenn arestasyon li yon fason gwo ponyèt, sa ki fè nou sonje ke rejim nan toujou kenbe an plas yon pòt li ka ouvè, li ka fèmen l è li vle pou l mete moun nan prizon, pou l entimide moun, yon fason pou l fose yo patisipe nan maskarad eleksyon li fikse pou 6 desanm nan.”

Swa-dizan amnisti a se tou senpleman yon trik politik pou bay eleksyon jeneral ki pral dewoule nan dat 6 desannm nan lejitimite. Tou le 167 syèj Asanble Nasyonal la an je san bliye syèj rival Maduro a, Juan Guaido, ki se Prezidan Pwovizwa depi janvye ane pase a an tan ke Prezidan Asanble Nasyonal la. Se konsa tou Maduro rive pran yon desizyon enkonstitisyonèl pou l ogmante kantite syèj yo -li mete 110 sou yo- yon fason pou l garanti ke l ap genyen yon fo majorite kout ke kout.

Sekretè Deta Ponpeo fè konnen:

“Kondisyon pou eleksyon lib ak onèt dewoule nan Venezuela pa egziste, e liberasyon kèk prizonye politik pa chanje sa. Okenn nan pati politik ki san dirijan yo -paske rejim nan wete yo sou sèn politik la- epi li vòlè non yo, senbòl yo ak tout pwopriyete yo, yo youn poko gen otorizasyon pou yo retounen nan plas yo. Anpil opozan politik rejim nan toujou anba entèdiksyon pou yo poze kandidati yo pou yo pòs elektif, e yo rete san dwa politik. Nou lanse yon apèl bay tout aktè politik yo, ni anndan ni andeyò Venezuela, pou n mande yo kontinye ensiste pou peyi a genyen kondisyon ki nesesè e ki aksepte entènasyonalman pou eleksyon lib ak onèt dewoule ladan l. Nou menm, avèk patnè demokratik nou yo nan Venezuela e nan kominote entènasyonal la, nou pa p apiye pyès efò pou lejitime yon lòt fwòd elektoral anba direksyon rejim Maduro a. Sitwayen venezuelyen yo merite pou n kontinye ba yo solidarite nou nan lit y ap mennen pou yo retabli demokrasi nan peyi yo.”

Sete yon editoryal ki t ap ba nou opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG