Accessibility links

Breaking News

Nouvo Èd Etazini pou Afghanistan


Men Yon Editoryal ki Prezante Politik Etazini

14 Avril, Prezidan Joe Biden te anonse ke Etazini ap wete dènye grenn sòlda li ki te nan Afganistan 11 Septanm 2021 pou pita. Sepandan, Prezidan Biden te eksplike ke malgre Etazini ap mete fen nan prezans militè li nan Afganistan, asistans Etazini ap kontinye.

Li di, "Nou pwal kontinye sipòte gouvènman Afganistan an. Nou pwal kontinye founi asistans pou Fòs Nasyonal Defans ak Sekirite yo nan Afganistan".

4 Jen, Sekretè Deta Anthony Blinken anonse nan yon deklarasyon ekri ke nan kad angajman sa a vizavi pèp Afganistan an, Etazini pwal bay nouvo asistans imanitè pou yon valè plis pase 266 milyon dola.

Asistans sa a ke pèp ameriken an bay pwal ede patnè entènasyonal nou yo sipòte yon pati nan 18 milyon moun ki nan nesesite nan Afganistan, pami yo plis pase 4 milyon 800 mil moun ki oblije kite kay yo men ki rete nan peyi a," se Sekretè Deta Blinken ki pale konsa e ki kontinye pou l di, "Ane sa a sèlman, plis pase 115-mil moun kite kay yo akoz konfli nan Afganistan, e preske 500-mil lòt retounen nan Afganistan pou yo al chache asistans."

Fon lajan sa yo pwal bay moun kote pou yo rete, opòtinite pou yo travay, swen sante de base, sanitasyon, ak sèvis ijyèn kòm repons pou pandemi COVID-19 la. "Plis toujou, asistans sa a ede abòde pwoblèm pwoteksyon pou moun ki plis an danje nan Afganistan. Pami yo gen fanm ak tifi ki ap fè fas ak danje tankou vyolans ki baze sou sèks, konsekans pandemi an ak plizyè dizèn lane konfli," pawòl Sekretè Deta Blinken.

Depi anpil lane, sipò Etazini vize dabò moun ki retounen nan Afganistan, refijye, ak moun ki kite kay yo. Pandan Etazini ap wete fòs militè li nan Afganistan, angajman nou k ap kontinye a li klè. Nou rete angaje nan kad diplomasi total, sipò ekonomik ak yon pakèt asistans pou sipòte yon avni pasifik, stab ke pèp Afganistan an vle e merite.

"Nou ekzòte lidè yo nan Afganistan ak mouvman Taliban an pou yo akselere pwogrè k ap mennen nan yon antant politik negosye ak yon sesel-fe pèmanan e total pou mete fen nan yon konfli ki la depi plis pase 40 lane e kreye kondisyon k ap pèmèt refijye tounen lakay yo san danje."​
Sete yon editoryal ki bay pozisyon Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG