Accessibility links

Breaking News

Partenarya Ameriken-Japon Pou Competitivite Ak Rezilyans


Men yon editoryal ki pral prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Prezidan Joe Biden te byen resevwa lòt jou la a nan Mezon Blanch Premye-Minis japonè Suga Yoshihide ke yo rele tou Yoshi, kote 2 lidè yo te eksprime angajman pou defann e fè vanse kèk prensip ki enpòtan pou yo tou le 2, tankou dwa moun ak rèy lalwa.

Alyans Etazini-Japon an rete solid tankou wòch, se pawòl Prezidan Biden ki kontinye pou l di:

""Nou angaje pou n travay ansanm pou n afwonte defi bò kote LaChin tankou Lanmè Ès LaChin nan, Lanmè Sid LaChin nan, ak Kore di Nò, pou asire yon avni k ap genyen yon rejyon Endo-Pasifik lib."

Tou 2 nasyon yo te antann yo sou yon seri angajman pratik pou yo ranfòse alyans la nan kad Tèt Ansanm Etazini-Japon pou yo anfòm pou Konpetisyon e ka Reziste nan Move Tan. Yon demèn kle nan koperasyon an se pwal mete nou anfòm pou konpetisyon e pou vini ak nouvote, kote nou pwal santre sou avans nan syans ak teknoloji, pou repete Prezidan Biden ki kontinye pou l di:

"Nan tèt-ansanm sa a, nou gen pou n asire n ke nou mete envestisman ak pwoteksyon nan teknoloji ki pwal kontinye fè li pi difisil pou lòt peyi fè konpetisyon ak nou... Konsa nou pwal travay ansanm nan yon pakèt domèn - soti nan pouse rezo 5G ki gen sekirite e ki toujou byen mache; rive nan ogmante koperasyon nou nan distribisyon materyèl pou sektè ekstrèmman enpòtan tankou semi-kondiktè; e rive tou nan fè rechèch ansanm nan domèn tankou entelijans atifisyèl, nan ADN, nan òdinatè ki ka fè kalkil konplike, elatriye."

Nan sa ki konsène pandemi COVID-19 la, Etazini ak Japon pwomèt pou yo kopere nan distribisyon vaksen kont COVID-19 toupatou sou tè a e fabrike pwodui ke mond la bezwen pou mete fen nan pandemi an, epi tou bati sekirite nan domèn sante mondyal k ap la pou lontan.

Etazini ak Japon pran angajman tou pou yo pran aksyon djanm pou reponn menas ki nan kriz klima a. Vrèman vre, tou le 2 nasyon yo antann yo pou aji kòmsadwa distans pou ane 2030 pou limite ogmantasyon tanperati mondyal la pou l pa depase 1.5 degre santigrad, pou n pa gen okenn degajman gaz natirèl nan lane 2050 pou pita e yo lanse tèt-ansanm Etazini-Japon sou Klima a.

Dènye pati nan nouvo tèt-ansanm nan se pwal mentni relasyon ant pèp yo nan anpil pwogram boukantay entènasyonal e nan pwojè ak rechèch y ap fè ansanm.

Prezidan Biden afime ke "Japon ak Etazini se demokrasi solid," e Tèt-Ansanm Etazini-Japon an pou konpetitivite ak rezilyans pwal pwouve ke "demokrasi yo toujou ka fè konpetisyon e ranpòte viktwa nan 21èm syèk la."

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG