Accessibility links

Breaking News

Pep Venezueleyen An Fè Tande Vwa Li


Men yon editoryal k ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Sa pa gen lontan, sitwayen venezuelyen yo – kit sa yo ki nan peyi yo, kit sa yo ki aletranje - te gen okazyon pou yo bay opinyon yo sou rejim ilejitim Nicolas Maduro a atravè yon konsiltasyon popilè oubyen yon vòt popilè.

Sòti 7 pou rive 12 desanm, plizyè milyon venezuelyen te vote yon fason dijital oubyen yo te prezante pèsonèlman nan yon biwodvòt nan Venezuela, nan lòt peyi latino-ameriken yo, Ozetazini e an Ewòp. Se yon referandòm opozisyon an o Venezuela te òganize, anba otorite Asanble Nasyonal ljitim nan, e dapre sa k di nan konstitisyon venezuelyen an.

Konsiltasyon Popilè a te ofri yon platfòm pou sitwayen venezueylyen yo –pami yo genyen sila yo ki te oblije kite peyi a sou menas pèsekisyon, zak kreze zo oubyen lanmò- pou yo egzije eleksyon prezidansyèl ak lejislatif lib e onèt.

Sekrete Deta Pompeo fè pèp venezulyenan konpliman pou siksè Konsiltasyon Popilè a, pandan li atire atansyon sou le fèt ke pèp venezuelyen an rejte klèman “maskarad elektoral” ke rejim ilejitim Nicolas Maduro a te mete sou pye nan eleksyon pou Asanble Nasyonal la nan dat 6 desanm pase a.

Sekretè Deta Pompeo deklare: “ Rezilta konsiltasyon an se yon manda gouvènman pwovizwa a resevwa pou l kontinye goumen pou retou demokrasi nan Venezuela.” Li ajoute: “ Pèp venezuelyen an merite jwenn sipò tout peyi demokratik nan batay sa a.”

Sekretè Deta Pompeo dekri Konsiltasyon an kòm “yon pwojè demokratik ki plen odas” e kòm yon reyalizasyon san parèy “malgre tout defi lavi yo o Venezuela, tankou mank gazolin, blackout, mete sou nuizans rejim nan, tankou sit entènèt li bloke oubyen efase, entimidasyon vyolan, represyon avèk pèsekisyon.”

Siksè Konsiltasyon an demontre pouvwa plizyè milyon venezuelyen genyen pou yo òganize tèt yo epi rasanble pou chanjman e sa vin ranfòse konba pou retou eleksyon prezidansyèl e lejislatif lib e onèt nan Vezezuela.

Sekretè Deta Pompeo deklare: “ Manm Asanble Nasyonal la, ki te eli demokratikman, avèk vwa pèp venezuelyen an reprezante sèl bagay ki kanpe sou wout pouvwa diktatoryal la o Venezuela. Pi bon fason kominote entènasyonal la kapab apiye demokrasi nan Venezuela, se pou l rete ini deyè pèp venezuelyen an pandan l ap leve vwa l pou l mande yon fen nan diktati brital Maduro a ak retou demokrasi.”

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG