Accessibility links

Breaking News

Ranfòsman Relasyon Ant Lèzetazini Avèk Bareyn


Nan imaj sa a toujou nan yon videyo Depatman Deta, Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, fè yon diskou vityèl nan konferans dyalòg Manama sou sekirite rejyonal kap fèt nan Manama, Bahrain, 4 desanm 2020.
Nan imaj sa a toujou nan yon videyo Depatman Deta, Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, fè yon diskou vityèl nan konferans dyalòg Manama sou sekirite rejyonal kap fèt nan Manama, Bahrain, 4 desanm 2020.

Men yon editorayl ki pral prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Lèzetazini av èk Bareyn gen relasyon ki solid depi plizyè dizèn dane. Nan dat premye desanm pase a, 2 peyi yo te lanse premye dyalòg estratejik bilateral yo, ki te kòmanse ak deklarasyon Sekretè Deta Mike Pompeo ak Minis Afè Etranjè Baraeyn nan, Addoulatif bin Raship Al Zayani, te fè yon fason vityèl.

Sekretè Deta Pompeo felisite Bareyn poutèt li siyen akò istorlk ki rele Akò Abraram yo, ki nòmalize relasyon peyi a avèk Izrayèl (se 2èm nan 4 peyi ki fè sa); konsa li ouvri kowoperasyon nan plizyè domèn --pami yo genyen tourism, edikasyon, komès avèk sekirite. Chèf diplomasi amerikèn nan deklare:

“Se yon siyn espwa pou rejyon an pandan l ap avanse pou l kite dèyè panse blokaj, panse depase kote pèsonn pa ta renmen retounen ankò. E mwen gen konviksyon ke plis peyi toujou pral swiv lidèchip Bareyn nan, sa ki va montre ke dimansyon jewografik yon peyi pa detèmine enfliyans li sou sèn mondyal la.”

An plis de sa, Sekrete Deta Pompeo ensiste sou wòl Bareyn jwe kòm yon patnè pou Lèzetazini nan domèn sekirite a. Li site kontribisyon Bareyn nan viktwa sou Eta Islamik la gras ak atak ayeryen li te lanse sou kalifa ki te repose sou manti a, epi li atire atansyon sou wòl Bareyn kòm peyi syèj katye-jeneral Kòmandman Santral Lamerin de Gè Lèzetazini an avèk 5èm Flòt Amerikèn nan.

“Sa pèmèt nou kolabore yon fason jeneral e nan tout domèn, depi nan lit kont teworism nan pou rive nan pwoteksyon pasaj machandiz nan G èòlf la, ki pa gen pou l sibi atak maritim Peyi Iran.”

Sekretè Deta Pompeo fè konnen rejim iranyen an “se menas nimewo 1 ki poze pou sekirite Gòlf la e pou pèp ki renmen lapè atravè tout rejyon an.”

“E m vle remèsye Bareyn ak pèp li a pou sipò pèmanan yo bay kanpay maksimòm presyon nou an, ki rive izole Teyeran epi koupe plizyè dizèn milya dola ki ta pral sèvi pou kore enfliyans mechan Iran ak zak teworis li yo.”

Sekrete Deta Pompeo di sa Bareyn ak Lezetazini pataje ansanm, se “yon vizyon esansyèl sou politik etranjè a. Nou reyalis; nou wè mond lan jan li ye a”:

“Nou rekonèt karaktè vyolan rejim revolisyonè iranyen an, e nou konprann ke, lè misyon ki devan nou se kontrekare aksyon Teyeran ak anpil lòt dosye enpòtan, Izrayèl se yon asosye esansyèl, e non pa yon pwoblèm.”

Pandan 2 zou 3 semèn ki ta pral vini apre yo, 5 gwoup de travay ki te sòti nan Depatman Deta ak lòt ajans ameriken te rankontre ak kolèg barenyen yo pou yo te abòde domèn tankou fòmasyon militè, efò pou ogmante enfliyans fanm yo, dwamoun epi divès danje ke Pati Kominis Chinwa a poze pou avni rezo 5G yo. Sekretè Deta Pompeo fini pa di li gen konfyans ke sesyon sa yo pral jete baz la pou yon alyans ki pi solid toujou ant Lèzetazini avèk Bareyn.

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG