Accessibility links

Breaking News

Yon Rapò Enkyetan Sou Travay Fòse Nan Domèn Lapèch


fishing
fishing

Men yon editoryal k ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Pandan 2 zou 3 ane ki pase yo, demand pou pwason atravè lemond depase lontan kwasans popilasyon mondyal la. Kòm rezilta, kantite pwason yo peche vin depase limit, espesyalman nan dlo kote bato pèch ka ale fasilman.

Sepandan, nan moman volim pwason yo peche vin redui akoz fenomèn sa a, pechè yo oblije ale lwen sou lanmè a pou yo pran pwason. Vwayaj sa yo mande pi gwo depans tankou lajan gaz ak lajan pou peye mendèv, e kèk nan pechè san fwa mi lwa yo itilize mwayen ilegal pou yo ogmante benefis yo.

Youn nan mwayen pou redui depans yo, se itilizasyon moun ki oblije travay pa lafòs. Nan yon nouvo rapò sou Trafik Kretyen-Vivan nan Endistri Apwovizyonnman Pwason ke ni Depatman Deta ni Adminitrasyon Oseyanik e Atmosferik Nasyonal la (NOAA) mete devan Kongrè Ameriken an, nou li: “Sektè Pèchri a mache avèk gwo risk pou trafik kretyen vivan fèt nan domèn sa a. Se yon travay ki gen anpil danje ladan l, e souvan li mande travayè ki pa gen twòp kalifikasyon, imigran, travayè patwon ka ranplase fasilman e ki fasil pou viktim trafik kretyen vivan.”

Li fasil pou yo kache pratik ilegal sa a, paske aktivite lapèch la se yon okipasyon ki izole moun natirèlman. Kèk fwa bato pèch yo pase plizyè mwa e menm plizyè ane sou lanmè. Sa fè l vin prèske enposib pou yon pechè ki nan yon sitiyasyon kote y ap fòse l travay, sove kite travay sa a, oubyen pou li pote plent kont move tretman. Moun ki viktim trafik kretyen vivan yo, se moun ki, le pli souvan, sibi abi emosyonèl ak fizik; sa ki, pafwa, konn debouche sou lanmò; yo travay pandan yon tan ki ekstremman long; kondisyon lavi yo trè difisil; epi yo pa touche gwo kòb, lè patwon yo pa vòlè tout kòb la nèt.

Itilizasyon travay fòse nan endistri lapèch la pi fasil pou rive nan peyi kote sitiyasyon politik la enstab, avèk yon pwoteksyon legal fèb pou libète sivil yo ak dwa travayè yo, epi se peyi yo kote ou jwenn yon wo nivo koripsyon, krim, vyolans ak lamizè. Kidonk, rapò a fè rekòmandasyon pou Lèzetazini pran 4 dispozisyon pou l elimine fleyo sa a. 1.-: Lèzetazini dwe devlope yon repons gouvènmantal pou l konbat trafik kretyen vivan nan endisti apwovizyonnman pwason an, ni lakay li, ni aletranje.

2èm dispozisyon an: Lèzetazini ta dwe ankouraje e apiye efò ki dwe fèt pou konbat trafik kretyen vivan nan chak peyi moun konnen kòm yon peyi kote pwoblèm travay fòse a poze nan endistri lapèch la.

3èman: Lèzetazini ta dwe ankouraje e apiye efò k ap fèt atravè lemond pou remonte filyè moun k ap fè trafik sa a epi devlope bon jan kontak ak endistri lapèch la e ak ONG yo, pami lòt sektè patisipan.

Epi anfen, Lèzetazini dwe baze tout dispozisyon sa yo sou efò Depatman Deta ak NOAA ap fè deja pou fè fas ak pwoblèm trafik kretyen vivan an nan domèn apwovizyonnman pwason epi ranfòse efò sa yo.

Lit kont trafik kreyen vivan nan domèn lapèch reprezante yon kesyon nan domèn dwazimen ak krim ki enpòtan anpil, an menm tan ke sa reprezante yon priyorite nan politik etranjè Lèzetazini. Nouvo rapò a se yon pa enpòtan sou wout pou ranfòse e kowòdone efò Lèzetazini ap deplwaye pou l konbat trafik kretyen vivan nan sektè pèch pwason an.

Sete yon editoryal k t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG