Accessibility links

Breaking News

Yon Syèk Depi Fanm yo Ap Vote: 19èm Amandman an Gen 100 Tan


Sa gen 100 tan depi fanm amerikèn yo te ranpòte dwa pou yo vote moun ki pou dirije peyi yo.
Sa gen 100 tan depi fanm amerikèn yo te ranpòte dwa pou yo vote moun ki pou dirije peyi yo.

Men yon editoryal ki reflete ideyal ak enstitisyon ameriken yo:

Nan jounen 26 Daout 2020 sa a, Ameriken yo ap selebre 100èm. anivèsè vòt kote Kongrè Lezetazini an te adopte 19èm. Amandman konstitisyon amerikèn nan, ki fè konnen:

"Dwa pou sitwayen ameriken yo vote se yon dwa ke ni Lèzetazini kòm yon peyi, ni yon eta kèlkonk pa ka refize yo jwi, ni fè “je retiens” nan jwisans sa a poutèt yo se gason oubyen yo se fi".

Nan okazyon jou sa a sa gen 100 tan, 26 milyon amerikèn te ranpòte dwa ki te ede yo deside kijan peyi a ta pral fonksyone nan lavni.

Mouvman pou dwa de vòt fanm yo te lanse a, te kòmanse ofisyèlman nan yon konvansyon ki te dewoule sou dwa medam yo nan lane 1848. Pandan 70 zan ki ta pral vini apre yo, sitwayen yo te rele “sifrajis” yo -pami yo te genyen fanm, te genyen gason- te eseye tout mwayen posib pou yo te fè lalwa rekonèt dwa fanm yo pou yo vote.

Se konsa yo ta pral lanse yon mouvman pou fòse Kongrè a adopte yon amandman kontitisyonèl ki ta garanti dwadevòt fanm yo, sa ki ta pral tounen yon pwosesis long e trè difisil. Pandansetan kèk gwoup fanm te eseye vote menmsi sete ilegal, epi yo te ale nan tribinal lè otorite yo te rejte efò yo t ap fè a, avèk espwa ke jij yo ta pral apiye pozisyon yo a.

Lè sa pa t mache, yo te repliye pou yo poze pwoblèm nan onivo eta yo olyede nivo gouvènman federal la, e yo te kòmanse ranpòte kèk siksè: pa egzanp, distans pou 19èm. Amandman konstitisyon an te tounen yon lwa, plis pase mwatye nan tout eta yo (majorite nan yo se eta ki te nan pati lwès peyi a) te deja bay fanm yo dwa pou yo vote.

Apre 19èm. Amandman an te fin pase lontan ap mize nan wout jiskaske li te rive nan Kongrè a nan mwa jen 1919, li te fin pa resevwa kantite vòt ki te nesesè pou Kongrè a te soumèt li devan chak eta pou yon ratifikasyon ki te dwe jwenn ¾ vòt yo nan tou lè 48 eta ki te egziste nan epòk la. Tennessee te tounen dènye eta ki te ratifye 19èm. Amandman an nan dat 18 daout 1920.

Nan lane 1873, youn nan prensipal lidè Mouvman pou Dwadvòt Fanm yo, Susan B. Anthony, te pwononse yon diskou ki make listwa, kote li te konsidere premye pawòl ki nan konstitisyon amerikèn nan kòm yon jistifikasyon pou demand fanm yo t ap fè pou otorite yo te kite yo egzèse dwa pou yo chwazi moun ki pou dirije yo. Premye pawol sa yo di konsa:

“Nou menm, Pèp Ameriken an, nan lide pou nou fòme yon konfederasyon ki pi pafè, nou tabli lajistis, nou garanti trankilite nasyonal, nou fè sa k nesesè pou n garanti defans nou tout ansanm, pou n ankouraje byenèt jeneral epi garanti e defann benediksyon ke libète ofri nou-menm ak desandan nou. Nou deside tabli, kòm an fèt nou tabli, konstitisyon sila a pou Lèzetazini d Amerik.”

Madam Anthony te ajoute:<< Sa Pawòl yo di se: “Nou menm, pèp la” e non pa “Nou menm, Sitwayen Gason ki Blan yo”, ni menm pa “Nou menm, Sitwayen Gason yo”; men li di: “Nou menm, Pèp la, ki fòme konfederasyon sa a”. E nou fòme li non pa pou n ofri benediksyon libète, men pou nou garanti e defann benediksyon sa a; non pa pou mwatye nan nou ni mwatye nan desandan n yo; men pou tout pèp la, ni fanm, ni gason".

Sete yon editoryal ki reflete ideyal ak enstitisyon ameriken yo.

XS
SM
MD
LG