Jou Veteran 2022

Chak fwa dat 11 novanm rive, pèp Etazini-an selebre jou Veteran, yon fason pou ran omaj bay ansyen militè fòs zame peyi a.

Malgre tout jou ferye federal toujou tonbe jou lendi ki pi pre veritab dat evènman yap onore a, men jou veteran yo, se youn nan rar fèt yo selebre nan dat 11 novanm- nan.

Sa gen pou wè ak jou amistis la ki te antre anvigè nan 11zyèm è, 11zyèm jou nan 11zyèm mwa ane 1918, kidonk jou ki te mete fen nan konba premyè gè mondyal la, menm lè gè a pat sispan vrèman vre. Sa ta pral rive jis nan dat 28 jen 1919, ki se dat premye gè mondyal te kanpe tout bon vre gras ak siyati trete Versailles la.

Sepandan, piblik la konsidere dat 11 novanm nan kòm fen ofisyèl konfli a. Pandan 2 dizèn lane, yo te selebre dat 11 novanm nan anba non jou amnistis. Finalman, nan mwa me 1938, kongrè Etazini an te pwoklame l ofisyèlman kòm yon jou konje federal, yon jou ki komemore koz lapè nan mond la.

Apre sa, yo te ba l non jou amnistis, yon fason pou onore veteran premyè gè mondyal la. Nan ane 1954, prezidan Dwight Eisenhower agrandi fèt sila a, dekwa pou onore tout militè ak inifòm ni nan epòk lapè, ni nan tan lagè, e nan ane 1971, jou amnistis la te vin tounen jou veteran yo.

Konsa , li reflete lespri selebrasyon an pi byen. Prezidan Joe Biden di: Jodi a, nou ran omaj bay tout nèg van yan ki te montre devouman, yon devouman ki distenge moun ki te debouye yo kou mèt Jan Jak pou merite tit “ Veteran Ameriken ”.

Lidè ameriken kontinue pou l di : “ se yon onè ke yon fèb pousantaj ameriken kapab reklame vrèman vre, se yon onè pou make sila yo ki an mezi reklame l kòm frè e sè. Se yon ensiy kouraj ki ini moun tout laj, kèlkeswa eksperyans ou, paske pou vin tounen yon veteran, fòk ou te konfwonte epi chape anba anpil defi ke pifò ameriken pap janm konfwonte. Fòk ou te travèse eprèv ak tès epi fè fas ak danje e privasyon, fè fas ak reyalite lagè ak lanmò”

Prezidan Biden fini pa di : “ Nou remèsye tout veteran, pase e prezan, nou onore ou e nou toujou sonje sa ou te fè pou nou.”