Memorial Day (jou souvni a)

Yon editoryal ki reflete ideyal ak enstitisyon Ameriken:

Dènye Lendi nan mad Me a, Ameriken selebre Memorial Day (jou souvni a). Se yonjou kote yo sonje gason ak fanm ki fè sèvis militè e ki peri pandan yo tap defan Etazini ak koz li yo - epi ran omaj a sakrifis yo.

"Yo kouche isit ak tout glwa ak onè nan silans simityè Arlington, simityè an Ewop yo, nan tonbo toupatou nan peyi nou, nan gran vil ak ti bouk - pitit fi ak pitit gason vanyan Etazini yo ki riske tout bagay, bay tout sa yo te genyen pou prezève ak defann yon ide ki diferan ak tout lòt nan listwa kretyen vivan ki se: ide Etazini d Amerik la," Prezidan Joe Biden deklare.

Li ajoute: "Jodia, antanke nasyon, nap antreprann yon rityèl sakre: pou reflechi epi sonje."
Vreman vre, Memorial Day (Jou Souvni a) reprezante yon dèt tout Ameriken ki vivan yo dwe Ameriken ki te fè pi gwo sakrifis la pou asire libète peyi yo. Gen kèk ki mouri sou chan batay, gen lòt ki mouri akoz maladi. Gen sa ki mouri nan prizon etranje ki pat janm tounen lakay yo. Pi fò pami yo mouri jèn pandan yo tap defan ideyal ak libète peyi yo. E dè milye te mouri ap goumen pou libète lòt nasyon tou: an Afrik di Nò, Ewòp, Pasifik la, Azi ak Mwayèn Oryan an.

"Libète pa janm gratis. Demokrasi toujou mande chanpyon," Prezidan Biden deklare.

"Tout jenerasyon gen pou l defan enmi demokrasi yo. E chak jenerasyon gen ewo li ki volontye pou kite san yo koule pou defann sa ke yo konsidere kòm ideyal ki pi enpòtan an.

"Jodia nou sonje e nou re-afime: Libète vo sakrifis la. Demokrasi pa pafè; li pat janm pafè. Men se yon bagay ki merite nou goumen pou li si nesesè mouri pou li," prezidan an deklare.

"Demokrasi nou se pi gwo kado nou genyen antanke nasyon, yon bagay ki sakre akoz moun nou pèdi sou chimen an. Demokrasi nou se fason nou travay konstaman pou yon inyon ki pi pafè - e nou poko pèfekte li, men nou pa janm sispann travay pou sa non plis; nou louvi pòt nou pi laj pou bay moun tout kote opòtinite, pwosperite ak jistis.

"Se misyon epòk nap viv la," Prezidan Biden deklare. "Souvni nou pou moun nou pèdi yo se pa sèlman yon jou kote yon fè yon poz epi lapriyè, fòk se yon angajman kotidyen pou aji, inifye, pou nou diy de pri konpatiyòt nou peye a."

Sete yon editoryal ki reflete ideyal ak enstitisyon Ameriken.