Jou Ansyen Konbatan 2023

Kounyea, yon editoryal ki reflete ideyal ak enstitisyon ameriken yo:

Tankou anpil nasyon, Etazini konsakre yon jou chak ane pou sonje moun sa yo ki te sèvi fòs ame nasyon an yo, e pou onore sakrifis moun sa yo ki peri nan sèvi peyi yo.
Pou pifò nasyon ki te patisipe nan Premye Gè Mondyal la, jou sa a se 11 Novanm.

Nan 11èm minit, 11èm è, 11èm jou nan 11èm mwa nan ane 1918, yon akò pou mete fen nan batay yo, te antre ann aplikasyon e goumen yo te sispann. Malgre se pa te finisman Premye Gè Mondyal la – li te fini ofisyèlman ak siyati Trete Versailles la 28 Jen 1919 – anpil moun konsidere 11 Novanm kòm dat finisman konfli a.

Nan Etazini, pandan 2 dizèn lane apre sa, yo te selebre 11 Novanm san li pa te yon fèt ofisyèl, kòm jou Finisman Lagè a, yon okazyon pou onore konbatan yo ki te nan sa ki rele Gran Gè a. An 1954, Prezidan Dwight Eisenhower te laji fèt la pou onore tout moun ki te pote inifòm, kit se nan lagè kit se nan lapè, e bout pou bout an 1971, Jou Finisman Lagè a te tounen Jou Ansyen Konbatan yo pou li ka reflete pi byen espri selebrasyon an.

« Jounen jodia, nou onore jenerasyon patriyòt yo ki te travay pou gen tit ansyen ‘konbatan ameriken’ – yon mak kouraj ki ini meyè gwoup ansyen sòlda ke mond la janm konnen, » se pawòl Prezidan Joe Biden.

Nan sakrifye tèt yo, Fòs Ame nou yo te fòje epi defann vrè lide Etazini an – yon pwomès libète ak egalite, demokrasi ak jistis, posiblite ak espwa. Nou gen yon dèt enkwayab pou yo ke nou p ap janm fin peye nèt, » se pawòl prezidan an toujou.

« Nan chak jenerasyon, konbatan ameriken yo anvi bay tout yo menm pou sa ke nou kenbe kòm sakre – libète, jistis, ak demokrasi. Yo sèvi san yo pa te wè pwòp tèt yo, yo te fè anpil sakrifis, e yo te pote sou zepòl yo fado libète a san fè bri, e yo pa te mande okenn glwa pou yo menm, » se pawòl Prezidan Biden.

« Jounen jodia, an nou onore yo nan swiv ekzanp yo – kote n ap mete sèvis anvan tèt pa nou, kote n ap pran swen pwochen nou, epi travay ak pasyon pou bati yon Inyon ki pi pafè ki moutre ke moun sa yo pa te mal travay lè yo te pwoteje lavi nou ak libète nou. »

Sete yon editoryal ki reflete ideyal ak enstitisyon ameriken yo.